Pa gen anyen ki pi pwisan pase yon moun ki kwè nan kapasite l. Lè w kwè nn tèt ou, w ap atire opòtinite, w ap bati fòs e w ap trase chemen ki pral mennen w kote w vle rive a. Kiyès ou vle ye? Panse l, kwè l, e fè aksyon pou l tounen reyalite. Ou kapab, ou se moun ou panse w ye a!