Pèp ayisyen,
Dessalines te libere Ayiti, men kèk moun ki te bò kote l te trayi l epi touye l. Moun ki te sanble avè l, ki te pale menm lang avè l, men ki pa t gen menm prensip avè l. Se te trèt ki t ap chèche sèlman avantaj pèsonèl yo, e ki te plonje Ayiti nan plizyè jenerasyon soufrans ak mizè.
Trèt sa yo toujou egziste ann Ayiti. Yo pa eritye Dessalines, yo se eritye trèt ki te asasinen l yo e ki te detwi eritaj li. Genyen ki manm gang, gen lòt ki finanse gang yo oswa ki ba yo zam, e gen kèk ladan yo k ap fè tout sa yo kapab pou anpeche pèp ayisyen an jwenn libète li.
Wi, anpil etranje te piye Ayiti, men anpil Ayisyen te fè menm bagay la tou. Yo te kolabore ak etranje sa yo, sèvi ak zam yo, vann dwòg yo, kontwole teritwa pou yo, epi fè pèp la sibi soufrans moun pa menm ka imajine.
Èske nou panse etranje sa yo t ap kapab fè tout bagay sa yo san èd moun sa yo? Kiyès k ap lonje zam sou nou? Kiyès k ap touye moun nou renmen yo? Kiyès ki vòlè kay nou ak byen nou yo, si se pa menm kalite bandi trèt ak sa yo ki te trayi epi asasinen Dessalines?
Nou kapab ede nou bat yo, men nou pa anvayisè. Nou se moun ki gen kouraj menm jan ak nou. Fòk nou leve kanpe, reprann kontwòl kominote nou yo, epi mete moun k ap fè nou sibi tout doulè sa yo, tout soufrans sa yo, anba kontwòl nou.
N ap la menm bò kote nou. N ap ede nou reprann peyi nou anba men trèt ki trayi eritaj Dessalines yo.
Epi, finalman, Ayiti ap lib.
Lè n ap site pi bon rapè lakay nou, m souvan wè non K-Lib pa nan top oubyen lis yo…
Banm fè yon ti rapèl pou nou sou non sa n m wè n souvan ap bliye a, pou kòmanse se youn nan rapè lakay nou ki metrize figi estil yo pi byen.
E se paske l pa yon nèg ki djòlè ki fè l pa nan vante l pi “konn Ekri” an tou
Ak Mystic 703, li gen 2 albòm: “Nou nan lakou a“ ak “ Décennie “ . Ak Ouragan, li gen “KO“… epi Ajoute maxi-tape “Mes Tourments“, albòm “ Revolution “ ak West-I Music Group, epi 2 albòm solo l yo, « L’Apostat » ak « Pou Listwa », san konte plizyè lòt mizik senp.
Nou konn sa k bèl nan tout sa m sot di la yo, se sèl “ Revolution “ an miche pa pwodwi, wi jan n tande a K-lib se yon pwodiktè ak beatmaker tou..
Lè w gad modèl pakou sa, gen ase travay pou non l jwenn plas li nan diskisyon n yo. Nou ka pa gen menm top, men nou pa ta dwe bliye sa l pote nan rap kreyòl la.
Ps : m manke bliye di n tou se sèl grenn rapè lakay nou ki drible ak tou 2 pye l
Kreyòl/Fransè
🌎https://t.co/Z2kW0svZBU
Pèp ayisyen,
Nou prèske fin deplwaye sòlda nou yo ak ekipman nou yo sou tè Ayiti. Sa a se pa yon operasyon kont pèp ayisyen an, ni yon envazyon peyi Ayiti. Nou pa yon gwo pisans. Nou pa gen okenn enterè ni pou nou vin domine pèp ayisyen an, ni pou nou mete men sou richès Ayiti.
Nou se yon peyi modès k ap devlope. Sèl sa nou vle, se pou kat teknisyen avyasyon nou yo tounen lakay yo. Epi n ap bay gang yo yon leson, gang sa yo k ap fè pèp ayisyen an soufri, ki touye moun pèp la renmen yo, k ap anpeche l viv yon lavi nòmal, lib, san laperèz.
Se prèske nou menm sèl k ap peye pou operasyon sa a. Menmsi nou resevwa yon ti èd lojistik nan men kèk lòt peyi, se ak pwòp ti kès nou n ap kouvri 90% nan depans yo.
Sa koute nou chè, men nou te aprann nan pwòp soufrans nou: jistis ak lapè pa gen pri. Nou te pase nan menm soufrans Ayiti ap travèse jodi a. Nou te viv yon beny san ki te pi terib toujou pase sa pèp ayisyen an ap sibi kounye a. Nou konnen sa sa vle di: viv nan laperèz, pa fè politisyen konfyans, pa kwè okenn moun ki pwomèt l ap ede w. Paske pèsonn pa t vin ede nou, e moun ki te vini yo pa t gen bon entansyon nan kè yo.
Men nou te rive chape anba sa. Apre 200 lane soufrans, finalman n ap viv nan lapè, e jodi a nou se peyi ki gen plis sekirite sou kontinan an.
Nou pa vin ann Ayiti pou nou touche lajan, paske pèsonn pa peye nou pou sa. Nou vin ann Ayiti pou nou goumen kont mechan yo.
Men sa m ap mande nou: fè nou konfyans, lapriyè sèl vrè Bondye a, epi mande L pou L geri Ayiti.
“Lè sa a si pèp ki pote non m lan lapriyè nan pye m, si yo soumèt devan mwen, si yo pran chache m ankò, si yo vire do bay vye peche yo t'ap fè yo, m'ap tande yo nan syèl kote m ye a, m'ap padonnen peche yo, m'ap fè peyi a kanpe ankò.”
2 Kwonik 7:14
Ede nou ede Ayiti.
Epi lè misyon nou an fini, n ap tounen lakay nou. Petèt jenerasyon Ayisyen k ap vini yo ap sonje nou kòm zanmi ki te vin ede yon lè.
Melchie Daëlle Dumornay. A woman from Haiti. Top 4 in the Ballon d’Or.
Man, just sit with that for a second. One of our own has forced her name into football’s highest conversation through pure talent, work and brilliance.
So proud of her. So proud of what she represents.🇭🇹
Yon ti jès ka ede sove lavi Maeva. ❤️
Maeva se yon timoun 2 zan ki soufri maladi èni nan lonbrik. Li bezwen yon operasyon an ijans.
Chak goud konte. Ann ede l ansanm. 🙏🏽
MonCash: 36585891
NatCash: 40890845
Non: Bénila Noël
Mèsi pou chak kontribisyon. ❤️
Adlibs Wendyyy yo son lot Vibe 😩🤌🏾
Piti map tuju ANVAN ( WOUH 😤 )
Menm si se AN JWÈT ( MENM POU BLAG😐)
Pa janm f ANGRAN ( NON 🙄)
Si non map ANTRE W ( VWALA 🫢 )
Madanm u ANCHALÈ ( LI CHO🥵)
Li tcheke m AN KACHÈT ( SAW FÈ L 🫣)
M met pye l AN X ( UI🦦)
M fèl rele ANMWEEEEEY ( WOUU🫨)
WENDYYY SE PI PLIS PASE YON RAPÈ KOMÈSYAL. SE YON ATIS KI KONN VANN TOUT DIMANSYON LI YO.
Wendyyy beyond commercial!
Chak album li soti, li vann yon pati nan tèt li, yon pati nan atistik li. E se youn nan bagay ki fè mwen konsidere l kòm yon atis ki gen yon dimansyon anpil moun poko fin dekouvri.
1 )Pou mwen, Wendyyy se youn nan rapè ki konn eksprime lanmou pi byen. Lè w pran Lento, M’Aprann, Pa K Viv Avè l, Se Pa Pou Dat, Bonnie and Clyde, Pou Ou, Sans Condition ak Crush La, ou jwenn yon atis ki konn pale de lanmou, atachman, vilnerabilite ak relasyon amoure.
2) Li se yon Frik
Li ka yon frik, yon nèg ki pale de dezi, seksyalite ak relasyon ant gason ak fanm. Nan mizik tankou All on Me, Jan w Renmen l Lan, Manipilasyon, Livrezon, ou dekouvri yon lòt fas li.
Men, lè li deside pale pou peyi a, se yon lòt dimansyon ankò. Ayibobo, Se Pa Lè Pou Kay Blan, Ap Gen Yon Lòt Dat ak ASE montre li kapab mete reyalite sosyal, refleksyon ak kesyon ki depase senp amizman nan mizik li.
Lè w antre nan Konseye, Frankétienne, Two Ta, Okay ak Stoïcien, ou jwenn yon Wendyyy ki mande plis atansyon nan men moun k ap koute l. Gen jwèt mo, referans, lide ak refleksyon ki merite plis pass yon senp tande . Li montre nan ki pwen li kiltive a travè referans kiltirèl li tou.
Epi se la bagay la vin enteresan.
Traka se yon pati nan istwa anpil nan premye fanatik Wendyyy yo. Se youn nan aspè atistik li yo ki make yo anpil. Se sa ki fè, chak fwa li soti yon pwojè san Traka, w ap toujou jwenn fanatik k ap mande l pou li
Lè w tande yon mizik ki chaje ak gwo mo, jwèt lespri ak refleksyon, ou ka rekonèt Traka. Men, se pa paske Traka diferan de Wendyyy nan sans li se yon lòt moun; se paske Wendyyy rive kreye yon idantite atistik apa pou dimansyon sa a.
Se sa ki fè mwen di, si w pa konsome Wendyyy toutbon, si w pa pran tan pou w antre nan katalòg li, ou ka pase akote yon gwo pati nan atis li ye a.
Ou ka konnen hit yo, chante mizik damou yo, danse sou mizik ki pi komèsyal yo, epi toujou pa dekouvri tout sa li pote nan ekriti, nan refleksyon ak nan fason li konstwi diferan pèsonaj li yo.
Epi mpanse li bèl lè yon atis ka kreye e pwopoze olye mache chèche hit ki k rive denatire modèl atis ou ye o fon an.
@carelpedre & @djk9_ kom se nou ki ouvri deba a