Lè m gade kantite gason ki ap di “ DEPI YO FIN VOYE , YO FINI , tou bagay se vanite”
Sa fè m santi ki kalite fanm nèg yo kouche ak yo
A ki lide yo fè seks
Moman entim yo telman rich
Yo paka redwi ak preliminè
Penetrasyon ak ejakilasyon
Men moman yo kouvri ak yon kèt satisfaksyon
Lè nan mitan moun yo gen lanmou
Pèsonn paka pase de kò pesonn
Apre ekakilasyon gen kontanplasyon
Gen touche , gen pawòl dous
Menm gen rebalanse depan de nivo
Adrenalin nan
Pou mwen apre ejakilasyon
M rete anpil pakou pou m fè nan moman entim yo
Kò a ka fatige , kò a ka pa gen ji ankò
Somèy ka ap frape pòt
Men kote ti touche yo
Kote ti felisitasyon yo
Kote ti mo womantik yo
Kote ti gade kò yo
Paske lè w damou e renmen kò moun sa
Ou gen pouw ap gade moun sa ke w konn wè chak jou a
Depi nan zòtèy pou rive nan tèt
Ou pap janm fin kwè se li vre ki kouche kote w la
Antouka li mye pou nou fè bagay ak moun nou renmen
E n ap reyalize apre nou “ VOYE”
Gen anpil bagay pou di
Gen anpil bagay pou fè
Dayè tan konn twò piti
Lè moun sa prale si nou pa p viv menm kote
W ap santi lanaiti pini w
Paske moun sa ta dwe rete nan bra w pou nou anbrase dòmi kole
Epi bel pawòl ap tonbe
Kouche ak moun nou renmen tande. !!