Mediaplatoa
1È EDISYON
LE CRÉOLE FOIRE DE FIN D’ANNÉE, DE LA GASTRONOMIE ET DE LA CULTURE, 28, DECEMBRE 2025
Media Platoa ap envite tout moun, machann, achtè, sipòtè, vizitè ak tout sitwayen angaje yo nan yon gwo fwa solidarite pou klotrire ane a!
Delmas 75 Green Bar
Hi les gars, J'ai voulu faire une surprise à ma copine au travail et elle est revenue couverte de colle. Vous auriez des conseils pour lui enlever ça de ses vêtements ?
Diskisyon ki ap fèt sou X la montre yon lòt fwa ankò jan li enpòtan pou nou fè diferans ant refleksyon onèt ak reyaksyon emosyonèl. Wi, tweet la te fèt nan yon kontèks sansib, e li lejitim poun pa dakò, menm kritike sak di an.
Men lè n ap gade dinamik la, li difisil pou pa remake yon bagay, anpil enèji sanble plis dirije sou moun ki te fè pòs la pase sou kontni mesaj la. Lè sa rive, diskisyon an pèdi tout ekilib li.
Nan kominote nou an, gen yon tandans ki merite reflechi, poukisa nou pa toujou reaji ak menm entansite lè se yon lòt moun ki fè menm kalite deriv yo oswa menm erè yo. Diferans sa bay enpresyon ke, pafwa, se pa prensip kap gide reyaksyon yo, men afinite oswa dezakò pèsonèl.
Si nap defann valè, yo dwe aplike pou tout moun, san patipri. Sinon, li vin difisil pou konvenk ke nap chèche verite, olye de opòtinite pou jije oswa ekspoze yon moun.
Yon kominote ki vle grandi pa ka bati sou atak pèsonèl ni sou endiyasyon selektif. Nou ka pa dakò, men fòk sa fèt ak respè, ak onètete, e ak menm mezi pou tout moun.
Petèt li lè pou nou ralanti, pran ti rekil, epi mande tèt nou si nap reyaji pou kore prensip, oswa si nap repwodui menm ipokrizi nou souvan denonse lakay lòt moun.
🎴UPDATE: A great success for the Haitian community on X! It is the first time a Haitian community publication has reached this number on X
《10M views》
《129k Like》
《6.6k replies》
《1.2k comments》 #PlatoaPiwo
Respect @elonmusk our brother 🫂
We make this 💵 together.