Grandi mande pou w aksepte pèdi kèk abitid, e pafwa menm kèk moun. Se pa paske w gen lògèy, se jis paske w rekonèt kote w vle rive a mande yon kè ki pi lejè. Pa pè rekòmanse a zewo.
Nou pa vle Migné nan tèt ekip la ankò pa paske n elimine , men paske n elimine san pa itilize tout zam nou. Kijan w k eksplike se konfwontasyon dirèk ki priyorite e devan Ekòs Migné pa itilize tout zam li pou al dèyè sove yon match nil menm nan 15 dènye minit yo ?
#MignéOut
Gen moun ki souri devan tout moun, men kè yo ap kriye anndan.🥺 Si se ou menm, mwen swete mesaj sa a fè w sonje ou gen anpil valè. Kenbe la. Pi bon jou yo ap vini. 🤍
Enfliyans pa mande pou ou gen rezon sou tout bagay li mande pou ou onèt sou limit konesans ou. Lè w pa sèten, pi bon bagay se di l, pa pretann. Sa p ap fè w pèdi kredibilite, l ap ranfòse l.
Jis paske ou enfliyan, sa pa vle di ou dwe gen opinyon sou tout bagay. Nou bezwen pran sa pi oserye, paske pawòl yon endividi ki gen anpil moun k ap swiv li ka fè gwo dega si li pa pridan.
Gen fanm ki grandi ak manman yo bò kote yo…
Men gen lòt ki grandi ak fòs Bondye mete nan yo.
Leve san manman pa janm fasil, men sa fè w vin yon fanm ki fò, ki aprann kenbe tèt li, epi ki konn bay lanmou menm lè lavi pa t ba li ase.
Ou pa sèlman siviv… ou vin yon limyè.✨
Pou Ayiti peyi Zansèt yo
Se pou n mache men nan lamen
Nan mitan n pa fèt pou gen trèt
Nou fèt pou n sèl mèt tèt nou
Annou mache men nan lamen
Pou Ayiti ka vin pi bèl
Annou, annou, mete tèt ansanm
Pou Ayiti onon tout Zansèt yo.
🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹
Hey... ou menm k ap li sa a kounye a Sispann mete presyon sou tèt ou pou lòt moun. Ou gen dwa fatige, ou gen dwa kriye, sa pa vle di w fèb. Pran jounen jodi a pou w remete tèt ou an plas. M ekri w sa pou m sonje w ke w gen valè, epi m la avè w.
Bòn jounen. Nou se yon sèl fanmi.🤍