Moun ki vle travay anliy yo nan domaine Cybersecurity nenpòt kote nou ye nan mond lan, men list kèk nan sètifika ou bezwen yo ki ap vini w $100 sèlman. Jenerasyon sa dwe panse diferan, nou dwe aji diferan. Si nou Gen yon peyi kote majorite moun ap travay, l ap difisil Pou jenn nou yo antre nan move zafè. Kite Ayiti pap premye opsyon pou moun ka imilye nou. Mete konpetans nan lavi w, mache travay la mondyal, nou kapab si nou vle. Bòn ane tout moun, anpil lanmou pou nou ❤️🇭🇹
Pa bliye ankouraje yon lòt fè menm chemen ak ou. Yon antouraj ki solid pa ka echwe ❤️🙏🏽
#ayiti #pwofesyonèl #Ayisyen #AyisyenOzetazini #DYASPORA #kreyòl
#𝐈𝐦𝐦𝐢𝐠𝐫𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧: @CBP, I u@CBP, I understand you're working on many cases every day. Let me tell you the truth: taking so long to approve travel for beneficiaries seems unfair. Let's think about it again.
Let me explain:
▪️The level of frustration is immense for individuals waiting for over a year, checking their emails daily, hoping to escape gang violence and insecurity until normalcy returns.
▪️Additionally, upon receiving authorization from @USCIS to register their accounts, another wave of frustration hits as website crashes and glitches prevent them from completing the process. All this happens, and I have many proofs.
▪️Moreover, in Haiti, the poor internet infrastructure and lack of competition among service providers force people to buy data daily and even pay “cybercafé” to charge their phones just to check for emails. Another source of frustration, again.
▪️In the order hands, despite reporting the issue multiple times (my previous posts where you've been tagged), the registration form for @CBP still excludes Haitian company area codes (@DigicelHT, @NatComm), adding to the nightmare for beneficiaries.
▪️Furthermore, when beneficiaries finally progress to the crucial steps, more issues arise, with so many people waiting for “Travel Authorization ”for three or more months without any communication.
By explaining this concern, I expect @CBP to follow up on these issues and streamline the process for beneficiaries.
Thank you.
👉Guys, mwen envite nou poste konbyen mwa nou genyen oubyen pwòch nou genyen depi yo ap tann “Travel Authorization”, pa bliye pataje pòs sa tou pandan nap kontinye tag @CBP .
#Humanitarianparole #Haiti
#𝐑𝐞𝐬𝐨𝐮𝐫𝐜𝐞𝐬: Tweet sa vini aprè kèk kesyon ki te vini nan yon tweet avan semènn pase a sou kòman pou nou kòmanse bat zèl nou. Isi, depann nan ki state wap viv, yon apye pi mal se yon priyorite sitou si ou nan yon state kote sèvis tren, bus pa fè kenken.
Swiv 7 teknik sa yo pou achte yon ti bogota pou pye w pa dekale:
▪️Mwen pa voye nou sou #graiglist paske vagabon konn bay mato sou li, google dealer ki pi prè ou an, tyeke yon mekanisyen ale ak ou pou pa pran nan yon machin bò Katedral.
▪️Malerezman «Off Lease Only » te kase dan l sou wout la , se la mwen tap voye nou paske yo bay bon sèvis men https://t.co/AswirkxDWh bay yon bon sèvis tou daprè review. Tyeke pou nou wè.
▪️Li toujou bon pou kòmanse ak yon dezyèm men paske w poko konn wout la vre, tyeke https://t.co/g5gfD2XQGO paske li enpòtan pou wè sa wap achte a ak 2 grenn zye w dayè moun pa achte chat nan makout defen #Jovenel te konn di sa.
▪️Lè wap mache nan zòn ou pa rete tèt anlè sèlman , vwazen w lan konn ap lage yon machin ki pa gen okenn pwoblèm paske moun isi tèlman renmen machin, youn konn gen yon grenn teknoloji anplis yo vann sa yo te genyen an pou yo kapab achte l. Veye « For Sale » nan vit machin yo.
▪️Biznis tankou #Carmax, #Cars24, #Carvana, #Vroom, #Cargurus, #CarsDirect, #Truecar, yo tout popilè tankou @realbakypopile e bay bon sèvis men yo konn pa « local » opsyon avan yo ap pi bon pou nou.
▪️Yon lòt opsyon ankò, moun ki entèlijan anpil konn jwenn bon machin an « Auction » men se sou chans ou ye, ou kapab fè kat « Auction « lan men pa bliye fòk ou gen yon mekanisyen ak ou.
▪️Kòman pou m negosye machin lan? Konbyen ”Down payment ” mwen dwe bay? Kote map jwenn asirans? Eske @Acdrivingsch lan kapab ede m si mwen pran klas kondwi an ak yo ? Veye yon lòt tweet pou lòt repons yo.
Pa bliye mande zanmi w pou swiv @dennly109 paske detay sa yo ou pap jwenn yo yon lòt kote.
#integration #Immigration
#𝐈𝐦𝐦𝐢𝐠𝐫𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧: Jodi a mwen pa bwè pou m pale dosye sansib ak nou, dosye menm yon fanmi oubyen zanmi pap pran chans pale ak nou. Men map fè figi m byen di pou m nou reyalite. An bon lojik gran moun pa ret kay gran moun pou anpil tan, nou tout dakò sou sa.
Plan sa mwen pral esplike la, si ou swiv li byen nan 6 mwa ou 7 pou plis ou ka remèt bòfrè w la kle a, di l bèl mèsi pou bourad la, ba li bèl akolad epi ou mache cha!
▪️Depi jou ou te antre isi an, ak paspò ak I-94 ou, ou te kapab fè yon kat bank. Pa di m ak ki lajan paske ak $25 ou ka louvri yon kat men ann rale lòt kat pou jwèt la pi bèl. Nan menm bank lan, mande yon kat kredi ki ap ede w bati kredi ou, sa ka koute $200 konsa. Si w jwe byen ak code sa ou ka fè ti monnen sa, gen moun ki fè $1.000 ak li 👉 https://t.co/lwddXx5j1L
▪️Pa bliye ou ka ouvri yon kat ak plis kòb toujou men se yon kat pou kontwole abitid ou kòman w jere lajan. Pa depanse anpil sou li epi toujou peye l bonè, si ou byen fè sa, nan 90 jou ou plis bank lan ka pouse w kòb ou te louvri kat lan epi fè l tounen yon kat kredi ak plis kòb sou li.
▪️Menm jou sosyal ou tonbe a (paske depi ou byen fil kat lan wap jwenn yo menm lè, wè ak yon pwofesyonèl pou plis detay @Acdrivingsch ) ale nan bank lan pou ajoute sosyal ou kèk jou aprè wap kòmanse wè kredi “score” ou ap monte.
▪️Depi a 600 ou kòmanse gen kredi nan men w, pa sispann travay sou li se enpòtan. Ak kat travay ou kòmanse chèche travay, konekte ak zanmi se premye kote ou jwenn koulwa travay. Bim! Ou jwenn yon travay nan Walmart oubyen Amazon. Koulye a kòmanse fè plan ou. Pa bliye Telechaje 7 kesyon ak repons yo plis poze nan yon entèvyou, li gratis ou ka fè yon donasyon tou si ou vle 👉 https://t.co/lwddXx5j1L
▪️Ekonomize 3 mwa travay, karese kredi an toujou, avanse! Avanse! Si tout sa yo fèt mwen pral montre nou pi bon kote pou nou jwen yon bèl chanm pou òganize nou. Pou solidifye estabilite ou, ou kapab jwenn ak yon zanmi pou nou viv ansanm ( Roommate).
▪️Wap jwenn yon bèl chanm a $900 a $1000 sou https://t.co/Y0syUInil2. Avantaj li genyen ou pa oblije nan premye ak dènye mwa depozit, epi pil lajan pou kalifye, se rantre tèt dwat. Ou ka jwenn yon chanm tou nan https://t.co/EXtCVbIfZk anpil ladan yo konn tou meble kidonk wap « save » anpil lajan. Mwen pa nou 2 sa yo men gen toujou men sa yo se garanti.
▪️Ou gen kredi , mwen montre w kòman pou fè sa, ou gen "saving ", ou gen travay mwen montre w kòman pou chèche e jwenn youn, mwen montre w teknik pou solidifye paske si youn nan nou pèdi travay 3 mwa « saving » lan ak kredi w kapab ede ou batay, mwen montre nou kòman pou jwenn yon bèl chanm tou meble. Jwèt la nan men nou.
Koulye a, pa bliye janm fonksyone, map sèlman tann nou #pataje paske enfòmasyon sa yo kapab ede yon lòt.
#Integration #Haiti
Eskew te konen bouchon diven 🍷 gen yon gwo fòs espirityèl ladanl? Ak bwa yo fè bouchon sa rele
Chêne-Liège ,nom scientifique li Quercus Suber .Siw pat konen sa map fè’w konen lèw gen yon liège nan pòch ou ,Oubyen nan valiz ou ,devan machin ou ,devan motow ,gen kèk danje li ka epanye pou wou nenpot kotel ta soti a.
Li eficaz kont tout vye atak espirityèl ak danje .Li difisil pou yon malfektè ta fèw mal depi liège la sou wou.
Sitou siw se yon moun ki konn mache byen ta ak moun ki toujou dèyè yon volan.
Pa jete liège la ,konsèvel.
#𝐈𝐦𝐦𝐢𝐠𝐫𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧: Youn nan bagay ki pi enpòtan lè w vin viv nan #Etazini se sekirite ou. Pa gen moun ki negosye #sekirite pa bò isi. Se vre nou sòti nan yon peyi kote gang ap mache gran jounen epi dechèpiye moun men pa bò isi gen pwoblèm ensekirite tou.
Banm touche kèk gwo pwoblèm ak nou paske w pa janm konnen sa kapab sove lavi.
▪️ Lwa pa bò isi rekonèt tout sitwayen kapab gen zam pou defann tèt yo, gen Eta ki ale pi lwen ke sa, non sèlman ou ka gen zam lan lakay ou, nan machin ou, ou ka mete l bò bouda w tou pou fè kèk vire.
▪️Kote lakay nou, nou konn rive kay vwazen an pou ale chèche dife, pa bò isi pa gen bagay konsa, gen nèg ki konsidere “backyard ” yo tankou salon yo kidonk si yon nèg jwenn ou nan lakou li, li ka fè ladènye sou ou. Lè timoun yo ap jwe boul pa janbe baryè pou rive pran boul san w pa mande, sa se gwo danje.
▪️Nou tout konnen zafè « mass shooting » lan tounen youn nan mannyè pèp ameriken epi majorite ka sa yo se moun peyi a ki fè yo se pa imigran. Bagay sa fè anpil viktim kidonk fè anpil atansyon ak foul, lè yon « shooter » ap frape li pa ale dèyè yon grenn moun, motivasyon l yo konn anpil tou: rasis, revanj…
Nan zafè sekirite se pwoteje tèt ou dabò, pa pran pòz ou pa pése , depi ou sispèk yon zen, yon kote ki ka gen tire jete w , nèg isi rale zam pou dan ri, epi yo souvan fou yo pap rale l pou granmèsi. Mwen pale nou wi! Mwen pa pral nan antèman pèsonn moun ke m te deja pale.
Si ou sispèk ou pa an sekirite yon kote, rele 911, yo bay sèvis entèprèt nan 173 lang, ou ka text tou se yon dènye « update » ki fèt sou sistèm lan, si ou tèks an Kreyòl gen yon lojisyèl ki ka tradwi nan 200 lang diferan jiskaske yo konprann mesaj ou an.
Pòs sa kapab sove lavi, si ou jije li enpòtan pataje li ak lòt.
#Security #SafetyFirst
#𝐑𝐞𝐬𝐨𝐮𝐫𝐜𝐞𝐬: Si wap viv nan Florida premye kote pou chèche job la pa ni #Indeed, ni #grassroot nonplis. Pran san w li mesaj sa epi wap konprann rezon yo youn aprè lòt:
▪️Lè Marie-Brunanie telechaje yon cv sou Indeed oubyen Grassroots li pa ale tou dwat ale jwenn Amazon. Li ale jwenn yon bann lòt CV ki te la deja nan database Indeed.
▪️Indeed|Grassroots, tou 2 Konpayi sa yo itilize Artificial Intelligence (AI) pou pwosès CV, ki vle di 245 milyon CV ki nan database Indeed yo se pa moun ki triye yo se AI ki tè gwo travay sa.
▪️Software a triye, tyeke,kontwole tout mo ki nan CV a epi marye yo ak deskripsyon job la pou wè ki CV ki plis reponn ak demann “employer” a. Se aprè tout detay sa yo desizyon an tonbe pou mande ou entèvyou.
▪️Ann kite lapriyè pran kantik, premye kote pou chèche job la pa #Indeed ni #Grassroots nonplis. Depann de kote wap viv la, se sou “salesforce” eta kote ou ye a pou konte. Si wap viv Florida, chèche yon biwo @CareerSourceFL pou jwenn job rapid.
▪️@CareerSourceFL pa nan tout detay sa yo, yo ede ou fè CV, yo ba w training si ou apènn gen 18 an, daprè kalifikasyon w yo kontakte “employer” a, mande yo prepare entèvyou pou ou pou mete ou plis prè job la. An gwo, @CareerSourceFL se tankou yon vwa preske dirèk, yo evalye kapasite ou epi kontakte konpayi an pou planifye entèvyou pou ou.
Ou wè enfòmasyon sa yo, si w pa chèche ou pap konnen yo, pataje ak lòt epi kòmante si ou twouve sa enpòtan.
——-
#JobSeekersSA #JobOpportunities #JobAlert
#𝐈𝐦𝐦𝐢𝐠𝐫𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧: Peye avoka isi se bagay ki koute anpil lajan. Anpil moun sou depòtasyon, anpil pa gen moun pou reprezante yo nan tribinal. Lè w pa konnen se gwo koze, gen moun ki depòte youn ou 3 mwa pase si tweet sa te gentan rive jwenn yo petèt sa pa tap rive. Anba, mwen pote kék gwo òganizasyon ki chaje ak avoka « pro bono », mo sa sòti nan laten, sa vle di avoka sa yo pap chaje w yon goud pou sèvis yo rann ou.
✔️ American Immigration Lawyers Association (AILA): ONG sa chaje avoka ki konekte ak li ki bay sèvis gratis. Ale sou website yo https://t.co/7WCrTqcMLQ. Ou pa bezwen mete kòb nan pòch ou.
✔️ Pro Bono Net : Website sa bay yon sèvis nasyonal, li moun ki nan bezwen tankou rezon mwen sòt bay anlè a epi konekte ak yon pakèt avoka ki bay sèvis gratis. Ale vizite website yo, wap jwenn moun kip pale Kreyòl kou franlawyers. https://t.co/eIPGdwCj4n.
✔️Immigration Advocates Network (IAN): ONG sa bay anpil kout men nan ede imigran ki pa gen lajan pou defann tèt yo nan dosye imigrasyon. Sa se website yo ak tout sipò yo bay: https://t.co/FrBk8C80DF.
✔️https://t.co/4ozacdAXT4: Bay tét li misyon pou ede moun epi dirije yo kote yo ap jwenn èd sou kesyon yo genyen sou imigrasyon. « Scroll ”website yo pou jwenn èd: https://t.co/gPckFLDj82.
✔️State Bar Associations: Anpil « state bar associations » genyen sèvis pro bono pwogram pou ede https://t.co/DL622yDsfq sa ki tou prè w la pou jwenn youn ede ou.
✔️Map fini ak @ACLU , si tout fwa ou te mande tèt kote 5 Ayisyen sa yo jwenn kòb pou peye gwo avoka pou trennen tribinal state #Indiana, se menm bagay la Òganizasyon sa bay sèvis pro bono, se chèche epi mande èd.
✔️@Acdrivingsch pa avoka men li konekte ak anpil lòt avoka ki chwazi ede yo nan konsèy, @Acdrivingsch an mezi pou reponn kèk kesyon kòman yo kapab ede ou jwenn avoka « pro bono » sa yo, men pa bliye se yon biwo.
———-
Tweet sa kapab ede evite depòtasyon sitou pou moun ki te pase sou fwontyè ak lòt categori ankò. Pataje epi kòmante.
#Immigration #probono #Lawyers
#𝐑𝐞𝐬𝐨𝐮𝐫𝐜𝐞𝐬: Avan mwen poste 7 pi bon website/ kote pou nou chèche travay, map enfòme nou tou, jwenn yon travay kòmanse ak yon bon rezime. Pa bliye tou tout esperyans konte, se pa isi nou vin kòmanse viv sa vle di, si w tap travay yon kote deja esperyans lan konte.
Men lis la, kòmanse #google yo:
✔️ Indeed: Pi bon nan tout sans
✔️ZipRecruiter: Pi bon pou anplwayè.
✔️LinkedIn: Pi bon pou koneksyon.
✔️Glassdoor: Pi bon nan montre salè
✔️AngelList: Pi bon si w fèk kòmanse.
✔️USA Jobs: Pi bon pou jwenn job Leta.
“Koneksyon”, mwen pa mete l nan lis anlè a men se li ki pi enpòtan. Yon moun ki ap travay yon kote souvan konnen kilè yap anplwaye moun, li konnen tou ki pi bon estrateji pou jwenn travay la, kèk fwa yon bon referans konn ede w men wap toujou swiv pwosès lan tankou aplike, voye “resume” epi fè entèvyou.
Nan yon lòt pòs mwen ap ba nou kèk teknik entèvyou ak kòman pou nou fè yon bon “resume”. Ann atandan, rete konekte, pataje, epi bay lide pa w.
---------
#jobseekers #JobSeekersSA #Jobs
Sispann boure sèvèl moun kap viv ayiti🇭🇹 yo sou pretèx peyi USA🇺🇸 pa ofri nou anyen li pa paradi , bon kisa wap tann toujou kifèw poko tounen lakay ou 🇭🇹 sispann ak stupid pawòl sa yo bay moun ki poko ale yo chans pou yal vizite lanfè a tou 👌
Hello @USCIS, I hope you are well, there are many Haitians 🇭🇹 who are suffering from the humanitarian program. We have been waiting for more than 270 days but we have not been able to get an answer. I want you to think of random people right now we are very impatient do something
🔴Il est important d'utiliser un VPN lorsqu'on est connecté sur internet pour plusieurs raisons, notamment :
Pour protéger sa vie privée:
Un VPN masque votre adresse IP réelle, ce qui signifie que votre fournisseur d'accès à internet (FAI), les sites web que vous visitez et les applications que vous utilisez ne peuvent pas voir votre localisation ou votre identité. Cela peut être utile pour protéger votre vie privée en ligne, par exemple si vous utilisez un réseau Wi-Fi public ou si vous naviguez sur des sites web sensibles.
Pour se protéger des cyberattaques:
Un VPN crypte votre trafic internet, ce qui le rend illisible pour les pirates informatiques. Cela peut vous aider à vous protéger contre les attaques de type man-in-the-middle, les attaques de phishing et d'autres types de cyberattaques.
Pour accéder à des contenus géo-restreints: Un VPN peut vous permettre de changer votre adresse IP pour un pays différent. Cela peut être utile pour accéder à des contenus qui sont géo-restreints dans votre pays, comme des services de streaming ou des sites web de jeux.
🔴Voici quelques conseils pour choisir un VPN :
Choisissez un VPN qui utilise un cryptage fort, comme le cryptage AES 256 bits.
Choisissez un VPN qui dispose d'une politique de non-journalisation stricte.
Choisissez un VPN qui dispose d'une large gamme de serveurs dans différents pays.
Choisissez un VPN qui propose une garantie de remboursement.
Il existe de nombreux VPN disponibles sur le marché, il est donc important de faire des recherches avant de choisir un fournisseur.
🔴Source des informations:
https://t.co/S9PbbeO8zP