“[4] Se konsa, tou sa ki te ekri nan Liv la depi nan tan lontan, yo te ekri yo pou moutre nou anpil bagay, wi, pou bagay nou jwenn ekri nan Liv la ka ban nou pasyans ak ankourajman pou n ka mete tout espwa nou nan Bondye. ”
Women 15:4 HAT98
https://t.co/dcHCSLPLil
“[12] Paske, se pa ak moun nou gen pou nou goumen. Men, se ak move lespri ki nan syèl la, ak chèf, ak pouvwa, ak otorite k'ap gouvènen nan fènwa ki sou latè a. ”
Efezyen 6:12 HAT98
https://t.co/OQbPI5GEYL
“[58] Konsa, frè m yo, kenbe fèm, pa brannen. Se pou n toujou pi cho nan travay Senyè a, paske nou konnen travay n'ap fè pandan n'ap viv ansanm ak Senyè a p'ap janm pèdi.”
1 Korent 15:58 HAT98
https://t.co/R3rp2wOmGY
“[4] Jezi reponn li: — Men sa ki ekri: Moun pa kapab viv ak manje ase. Yo bezwen tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye tou.”
Matye 4:4 HAT98
https://t.co/vizHX3YO6h
“[27] — M'ap ban nou kè poze. M'ap fè kè nou poze nan jan pa mwen. Mwen p'ap fè li pou nou jan sa fèt dapre prensip ki nan lemonn. Pa kite anyen toumante tèt nou, nou pa bezwen pè. ”
Jan 14:27 HAT98
https://t.co/yFsVSKaKoA
“[16] Se poutèt sa, ann pwoche avèk konfyans devan fòtèy kote Bondye ki renmen nou an chita. Se la n'a jwenn padon pou peche nou yo, se la n'a jwenn pou gremesi sekou n'a bezwen lè nou nan nesesite.”
Ebre 4:16 HAT98
https://t.co/bA4GVXAL26
“[8] Pou fini, frè m yo, mete lide nou sou bagay ki bon, ki merite lwanj: bagay ki vre, ki kòrèk, ki dwat, ki bèl, ki p'ap fè nou wont. ”
Filipyen 4:8 HAT98
https://t.co/ECTjl46aeC
“[24] — Konsa, moun ki tande pawòl mwen fenk sot di a, epi ki fè sa mwen mande li fè a, l'ap tankou yon moun lespri ki bati kay li sou wòch. ”
Matye 7:24 HAT98
https://t.co/XpIK17V1Ay