#Ayiti#Meteyo ⛈️🌀🌧️madi 21 oktòb 2025._ Tanpèt twopikal MELISSA fòme maten a nan basen karayib la.
Dapre previzyon Inite idwometeyowolojik peyi a, tanpèt sa reprezante yon menas pou Ayiti, sitou pou rejyon sid la. Kidonk, li ka pote gwo van, lapli ak risk pou ta gen inondasyon, epi vag lanmè yo ka move anpil.
Toujou rete veyatif epi kontinye suiv konsiy sekirite yo:
- 🚫 Pa soti san bezwen nan moman lapli ap tonbe;
- ⚠️ Evite ale nan zòn ki abitye inonde;
- 📡 Kontinye suiv bilten meteyowolojik ofisyèl yo.
𝐒: @𝐮𝐡𝐦𝐡𝐚𝐢𝐭𝐢