Saw Merite a ou peyi kote football pap jwe ladanl ou Merite plis .. gang pran sel sant formation peyi a nou pa di Kwik nou Merite nan kisa
Nou pat dwe menm patisipe nan competion an
Youn nan kesyon ki pi san sans yap poze se lè fanatik yo, ak tout rezon, denonse enkonpetans yon antrenè epi mande depa li, epi yo reponn ou: “Ki altènativ la?”
Se menm pyèj yo konn sèvi ak li lè yon pèp ap denonse grangou, lavi chè, ensekirite ak koripsyon, epi yo mande l pou l vini ak solisyon. Sa pa travay pèp la. Menm jan an tou, sa pa travay fanatik la.
Travay fanatik se egzije plis lè rezilta yo pa la. Travay federasyon an ak Direksyon Teknik Nasyonal la, ki touche salè epi ki gen mwayen pou sa, se idantifye, evalye epi anboche pi bon altènativ la.
Nou pa bezwen pwopoze non. Nou bezwen egzije konpetans.
Migné pa reponn ak anbisyon nou genyen pou seleksyon sa a. Federasyon an dwe fè travay li.
Nou merite plis. Nou egzije plis.
#MignéOut
Lmao, se menm bagay Costa Rica ak Honduras te konn panse tou. Pi bon bagay la se rete modès epi kontinye travay: devlope foutbòl lokal la (akademi, klèb pwofesyonèl, fòmasyon), amelyore jesyon FHF la, fè envestisman entelijan, epi gen yon pi bon apwòch ak jwè ki soti nan dyaspora a. Se konsa yon seleksyon grandi sou long tèm.
Le petit Migné qui enlève le grand Isidor ! 😮💨
Kontan pou Nazon sensèman men chanjman sa entèpele m ! Gen lòt jwè ki dwe soti 😭
Entraineur de bas étage
Placide ap pote mayo Haïti depi 2008
Nou kreye Explwa demi final Gold cup avèl
Nou rive kalifye pou mondyal avèl apre 52 lane
Nou jwe mondyal avèl kom kapitèn apre 52 lane
Si Placide pa Lejann Ayisyen konnen seleksyon an pa gen Lejann
Men pou sa yo pa vle wè nou an ui 🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹
Antouka li lè pou se ayisyen ki nan tèt seleksyon an aba etanje sa yo, yo pa renmen nou nou pa renmen yo tou