#Celtics#Barça#Messi#RoodyRB#Wendyyy ~Messi Champion MLS, Messi the goat 🐐, Yamal the baby 🐐,they both World Cup champion, culé 4ever 💙❤️ Fanatik Septen
Anthropic, konpayi ki kreye AI Claude la, antre sou mache aksyon ameriken an 19 novanm 2026, kote li ranmase 81.3 milya dola, yon rekò istorik.
• IPO vle di yon konpayi kòmanse vann aksyon li bay piblik la.
Sa bay Anthropic plis kapital pou devlope teknoloji AI li yo, bati enfrastrikti epi fè konpetisyon ak OpenAI.
Valè konpayi an te rive anviwon 1.75 trilyon dola nan fen premye jounen an. Men, li toujou ap fè fas ak gwo depans ak defi pou vin pwofitab.
Gen moun ki nan fon kè yo swete Bukele echwe an Ayiti, jis pou yo ka di yo te gen rezon. Paske yo menm, yo pi entèlijan pase tout moun, yo pa fè pati « ti pèp sòt » la!
Yo tèlman envesti nan pozisyon yo pran, yo ta pito wè sitiyasyon an pa chanje olye yo oblije rekonèt yon moun yo pa renmen te kapab kontribye nan yon rezilta pozitif.
E se youn nan pi gwo maladi politik nou an Ayiti: Politisyen konn plis anvi advèsè yo echwe pase yo anvi peyi a reyisi.
Se menm mantalite sa a ki fè nou konn rejte yon bon inisyativ, pa paske li pa bon, men paske se yon moun nou pa renmen ki dèyè l.
Nan sitiyasyon nou ye la a, yon Ayisyen ki mete enterè peyi a an premye ta dwe swete nenpòt aksyon ki kapab soulaje popilasyon an bay bon rezilta, san sa pa anpeche l kritike metòd yo oswa denonse abi.
Lè w rive nan pwen kote w prefere wè yon inisyativ echwe olye w wè pèp ou jwenn soulajman, se pa peyi a ki priyorite w ankò. Se ego w.
~Carel