Gregory, plen lanmou ❤️ Nou se Ayisyen. Ou te joure m, ou te trennen m desann nan pwen ki pi ba a, jiska pwen pou fè m rayi tèt mwen. Batay mwen te toujou sensè, pou Ayiti. Ou pa t jis avè m. Erezman, lanmou mwen te genyen pou peyi a te pi gran pase rayisman mwen te genyen pou moun ki rayi m yo (parèy mwen).
Men, pa gen pwoblèm, mwen padone w sensèman, epi si m fè w mal, mwen mande w padon, epi padon nan men tout moun mwen fè mal.
Nou se AYISYEN , Soyons plus grands 🇭🇹