Gen yon movèz pèsepsyon ke medya kreye sou miche.
Mwen pa konn pou ki rezon yo fè l men moun ki nan medya yo, gwo kou ti medya gen tandans diminye CR7 pou monte Messi. Èske se yon siy feblès ? Èske se pa paske misye ranpli tout kritè ki nan jwèt la ki fè sa ? Oubyen eske se rivalite a tout bon vre ki lakoz ?
Si n ap gade 2 jwè yo rive briye nan menm peryòd. Chak gen pwen fò yo menm jan tou yo chak gen feblès yo tou. Nan ka CR7 la li se jwè ki gen tout kalite yon foutbolè ap bezwen pou jwe foutbòl. Avèk sa misye rive domine jwèt sa pandan plis ke 15 lane. Si n ap gade jwè a nan kapasite l ak yon boul sou yon teren. Se jwè ki ka drible a lè sa nesesè, vitès, pisans, e li ka kreye tou. A tèl pwen jodi a li se meyè bitè listwa, li se youn nan meyè pasè desiziv jwèt sa konnen.
Pou ki sa nou diminye miche pou monte Messi ? Si n ap mete twofe endividyèl yo de kote èske nou ka di Messi domine jwèt la ke misye ? M panse se t ap non. Paske yo jwe sou menm peryòd e sou tan sa CR7 se jwè k ap fini meyè bitè listwa jwèt la. Mizapa sa li fè mwayèn nan tout rès bagay yo ankò Messi pa yon pi gwo driblè ke li jan nou vle fè kwè a, Messi devan l nan koze pas desiziv men si w ap fè yon top 10 CR7 pa ka pa ladann. E pou n pi klè se pa yon senp pasè CR7 ye yon jwè ki gen plis ke 200 pas dé nan karyè li pa yon bagay piti e sa vle di li fè pati meyè yo. CR7 vini li elimine yon pakèt rekò ki te la ke moun pa t espere ki t ap bat yon jou li elimine yo.
Sa m remake tout sa CR7 rive domine yo nan jwèt la sou Messi. Moun yo gen tandans banalize yo. Se pou sa w ap wè yo pran koze konn fè gòl la pou yon vye bagay e pou menm rive redui CR7 kòm senp bitè oubyen tapinè. Alòske si n ap gade byen finalite jwèt la se make gòl. Pou n pa di gòl la se bagay ki pi enpòtan nan jwèt la. Tout foutbolè monte a yon sèl objektif sou yon teren se al fè plis gòl ke advèsè a pou genyen match foutbòl la. Yon moun ki konn fè gòl ou deja posede youn nan kalite ki pi enpòtan nan jwèt la. A tèl pwen majorite jwe n ap louwe nan tout listwa yo se toujou yon seri bon bitè a kote lòt kalite yo te posede. Èske tandans lan se ta fè kwè yon pasè desiziv plis enpòtan ke yon bitè nan kalite CR7 ? Menm si se ta sa m rete kwè ap toujou gen mi nan domino a paske menm CR7 la yon lòt bò ka kanpe an pasè, driblè menm jan ak meyè yo. Paske li fè yo menm jan avèk meyè yo e chif yo pale pou li. Sou menm ang sa si n ap gade nan espesyalite ki gen nan jwèt la tankou bal arete yo. Jwè n ap louwe yo pou diminye CR7 la pa konn fè yo ke li. CR7 se yon trè bon tirè koufran. E se youn nan meyè tirè penalite jwèt sa konnen. Se pou sa jiskounya m rete kwè se jwè ki pi konplè a jenerasyon sa wè si l pa nan tout listwa jwèt la menm paske jwè a gen mwayèn nan tout bagay nèt.
Kounya lide banalize CR7 la nou ka wè l pa teren men sanble li plis lye avèk twofe endividyèl yo ? Èske se BO yo ki fè l pa ka la oubyen ? Si se pou BO m pa kwè nou ta ka site non Pelé avèk Maradona nan koze moun. E lòt bagay m t ap mande pou ki sa yon jwè tankou Fenomeno pa sou Maradona li gen de BO plis li chanpyon dimond pi kòrèk ke Maradona paske Diego te triche. Men jiskounya nou rete kwè deba GOAT la se Diego ki ladann. E si n ap santre bagay la sou yon zafè koupdimond sèlman tou Messi pa ta dwe nan deba GOAT plis ke gen yon pakèt lòt moun ki te pi fenomenal ke li e ki jwe mwens koupdimond tou. Se pa pou banalize l non men menm ti Kylian nan laj li t ap ka poze gwo kesyon paske li jwe 2 koupdimond li chanpyon youn epi pèdi lòt la nan tiwobi kote l sòti meyè bitè a. Nan tout listwa jwèt la gen kote gran jwè yo reyisi e konsa tou gen kote yo pa reyisi sa valab pou tout gran jwè nèt.
Tout sa se pou m di nou koze banalize CR7 la se pa yon bagay ki nòmal pou yon jwè ki nan dimansyon miche. Non sèlman pou karyè li e sa l reyalize nan jwèt la tou. M panse menm jan n ap pran tan pou jwenn yon Messi a menm bagay la valab pou CR7 tou. Paske se de imans foutbolè. Sispann diminye youn pou lòt apresye yo pito.
🔴Ti koze sou "Perplexity AI" Avèk kominote X Ayisyen an...🇭🇹
Kisa Perplexity AI a ye ?
Perplexity AI se yon motè rechèch ki mache ak entèlijans atifisyèl (AI) ki gen pou objektif amelyore fason moun chèche ak pataje konesans. Platfòm sa baze sou yon modèl lengwistik masiv ki pèmèt li bay itilizatè yo repons egzat ak konplè.
Perplexity AI disponib nan 2 vèsyon: yon vèsyon gratis ak yon vèsyon peyan. Vèsyon gratis la pèmèt itilizatè yo poze kesyon epi jwenn repons, men li limite an tèm de fonksyonalite.
Vèsyon peyan ofri karakteristik adisyonèl, tankou kapasite pou poze kesyon ki pi konplèks epi jwenn repons ki pi konplè.
🔴Perplexity AI toujou an devlopman, men li kapab itilize pou plizyè aplikasyon, tankou:
Rekipere enfòmasyon: Perplexity AI ka itilize pou jwenn enfòmasyon sou yon varyete sijè, tankou sijè teknik ak konplèks.
Tradiksyon: Perplexity AI ka itilize pou tradwi tèks soti nan yon lang ale nan yon lòt, li gen ladan lang ki ra ak lang ki pa pale.
Kreyasyon kontni: Perplexity AI ka itilize pou kreye fòma tèks kreyatif, tankou powèm, kòd, skript, moso mizik, imèl, lèt, ak plis ankò.
🔴Men kèk karakteristik Perplexity AI:
Presizyon: Perplexity AI fòme sou yon seri done masiv nan tèks ak kòd, ki pèmèt li bay repons egzat a yon pakèt kesyon.
Konplè: Perplexity AI kapab bay repons konplè a kesyon ou poze l yo, menm si kesyon an laj, difisil, oswa etranj.
Kreyativite: Perplexity AI ka itilize pou kreye fòma tèks kreyatif, tankou powèm, kòd, scripts...
Perplexity AI se yon zouti pwisan ki gen potansyèl pou revolisyone fason nou chèche ak pataje konesans.
🔴Sous Enfòmasyon mw yo:
👉https://t.co/3bi4kY03Ie.