Lè yon biwo Leta lage pou kò l san sekirite lannwit, vid sa a pa inosan.
Nan anpil kote, yo fè espre yo kite enstitisyon yo dekapote pou move zoutout ka piye byen pèp la epi voye fòt la sou vòlè lannwit. Iresponsablite sa a, se premye etap konplisite koripsyon an.
SANTE PA 1 PRIVILÈJ, LI SE 1 DWA.
Chak sitwayen gen dwa jwenn swen sante ki aksesib, ki respekte diyitel epi ki disponib lè li bezwen.
Nan Plaine-du-Nord ak Milot, anpil fanmi ap fè fas ak difikilte pou jwenn swen medikal, medikaman ak sèvis prevansyon. Sa pa dwe kontinye konsa
Lè yon manman jwenn swen, se yon fanmi ki jwenn espwa. Lè yon timoun grandi an sante, se avni peyi a ki vin pi solid.
Nou bezwen yon sistèm sante ki mete moun an premye, pa yon sistèm ki kite fanmi yo soufri pou mank mwayen.
Paske lè yon jèn reyisi, se yon fanmi ki avanse.
Lè yon fanmi avanse, se yon komin ki devlope.
Ann kwè nan fòs jèn nou yo.
Ann kreye plis opòtinite pou yo.
Jenerasyon nou an dwe fè diferans lan
ETZER JEAN
Kandida Depite pou Plaine-du-Nord / Milot
Verite•Travay•Reprezantasyon
Jèn yo pa bezwen asistans sèlman.
Yo bezwen chans pou aprann, travay, kreye epi reyisi.
Mwen kwè nan yon jenerasyon ki prepare tèt li pou mond jodi a:
yon mond teknoloji, konesans ak konpetisyon.
Se pou sa nou dwe envesti plis nan fòmasyon ak devlopman kapasite jèn yo.
E se ak lespri sèvis sa a mwen prezante tèt mwen devan nou.
Paske lè politik tounen sèvis, pèp la vin genyen.
ETZER JEAN
Kandida Depite pou Plaine-du-Nord / Milot
Verite • Travay • Reprezantasyon 🇭🇹
📌 POLITIK SE SÈVIS, PA PRIVILÈJ
Twòp fwa, politik prezante kòm yon mwayen pou jwenn pouvwa, avantaj oswa privilèj.
Men pou mwen, politik gen yon lòt sans.
Politik se sèvis.
Mwen antre ladan l paske mwen kwè Plaine-du-Nord ak Milot bezwen yon reprezantasyon ki baze sou travay, transparans ak respè pou sitwayen yo.
Fonksyon piblik se pa yon rekonpans.
Se yon responsablite.
Mwen kwè ansanm nou kapab ekri yon nouvo chapit pou kominote nou yo.
Paske avni an pa tann.
Se nou menm ki dwe konstwi li.
ETZER JEAN
Kandida Depite pou Plaine-du-Nord / Milot
Verite • Travay • Reprezantasyon
📌 POUKISA JENERASYON NOU AN DWE FÈ DIFERANS LAN?
Chak jenerasyon gen yon misyon.
Gen jenerasyon ki te goumen pou libète.
Gen jenerasyon ki te goumen pou demokrasi.
Jodi a, jenerasyon pa nou an gen devwa pou l bati yon Ayiti ki pi modèn, ki pi pwodiktif, epi ki pi responsab.
Nou dwe pase soti nan divizyon pou rive nan kolaborasyon.
Nou dwe pase soti nan dezespwa pou rive nan espwa.
Mwen kwè nan fòs jenerasyon pa nou an.
Mwen kwè nan kapasite jèn Plaine-du-Nord ak Milot yo.