Pa neglije aprann kominike , paske imedyatmanw ouvri bouch tout moun ap gentan konn saw ye , pale yon lang byen se yon pa pouw konprann sosyete sa pi byen , konesans chita nan tèt li soti nan bouch ...
Timoun nan lekòl lap etidye nan yon lang li pa konprann , yon TI moso fransè gentan diferansye mwen ak ou pa menm nivo vwazen an eksprime l byen aprè anpil travay ak djòl li poul montrew li retorik premye jijman nou se di l fòme ❌
Lekòl pa aprann nou renmen peyi nou , yo fòse nou aprann an fransè pandan lang vènakilè nou se kreyòl edikasyon nou te ka pi lwen , kreyòl se lang fòs nou , lang kite pèmèt nou kominike e kreye pi gwo estrateji pou kwape lame Bonapat la ...
Si Jan l ye a vinn nòmalize li pap janm chanje non , sèl espwa peyim se jenès la wi granmoun yo echwe wi , pwoteje ak sèvi echwe wi , yo few pi pè ke TI nonm a sapat yo wi ..
Pi fò peyi devlope yo gen yon move nasyon , men yo gen bon leta , ayiti nou gen yon move nasyon , yon move Leta , lè nasyon fèb li dwe gen yon bon leta responsab,yon Leta kap panse pou nasyonl
Nan chak moman difikilte, gen yon vibrasyon enèji pozitif kap reyone alantouw , m swete nan moman difisil yo ou aprann kite kouran mennen w kote l prale ak ou a....
Messi aprann nou Talan pa sifi pouw reyisi ou bezwen detèminasyon,pasyon, CR7aprann nou San Talan siw travay ak Disiplin epi pèseverans wap jwenn saw bezwen an✅
Youn nan pi gwo deba mond lan konnen, Messi, Cr7 kote pi gwo fann Messi se Li , nan travay Chak jou pou depase Messi , vinn yon egzanp motivasyon ak Disiplin anraje vinn fè de li ,yon Ora kote Fann li yo ap reve yon jou li leve koup sa🏆...