Tout tanw pa fè eksperyans nan vi sila ou pap janm aprann, eksperyans yo ap fèw konn moun ki ka èdew e ki pap la sèlman pou profitew.
Anpil moun se sousè yo ye, yo la sèlman lè yo bezwenw pou yo pwijew
#ZyewDweKlè#PaKiteYoManipilew
Il faut quand même 𝗦𝗔𝗟𝗨𝗘𝗥 𝗖𝗘𝗧𝗧𝗘 𝗘́𝗤𝗨𝗜𝗣𝗘 𝗗'𝗛𝗔𝗜̈𝗧𝗜, qui aura montré quelques belles choses dans un Groupe C bien relevé ! 👏🇭🇹
𝟬 𝙥𝙤𝙞𝙣𝙩 𝙚𝙩 𝟴 𝙗𝙪𝙩𝙨 𝙚𝙣𝙘𝙖𝙞𝙨𝙨𝙚́𝙨 : le bilan comptable fait mal, mais on a vu des joueurs se battre avec leurs armes pour tenter de poser des problèmes à ses adversaires.
Et on n'oubliera pas ce 𝗕𝗔𝗡𝗚𝗘𝗥 𝗔𝗕𝗦𝗢𝗟𝗨 envoyé par Wilson Isidor en point d'orgue ! 😮💨
🚨🚨 OFFICIEL ! LA LISTE DE HAÏTI 🇭🇹 POUR LA COUPE DU MONDE 2026 !!! 🏆
Ils disputent leur premier Mondial depuis… 52 ANS. 🤩
Début de la compétition LE 14 JUIN pour les Haïtiens.
HAÏTI 🇭🇹 - 🏴 ÉCOSSE
🗓️ 14 juin à 3h00
BRÉSIL 🇧🇷 - 🇭🇹 HAÏTI
🗓️ 20 juin à 2h30
MAROC 🇲🇦 - 🇭🇹 HAÏTI
🗓️ 25 juin à 00h00
TPS Ayiti: Klarifikasyon ak presizyon kisa desizyon sa vle di pou tout Ayisyen ki genyen estati sa.
Jodia 2 fevriye 2026, Jij Ana Reyes bay yon « Stay » ki bloke desizyon DHS te pran pou kanpe TPS Ayiti pou plis pase 300 000 benefisyè. Stay lan se yon desizyon tanporè jij la pran pou pwoteje benenefisyè yo pandan dosye a ap vanse nan tribinal toujou. Ki vle di, demen 3 fevriye a minwi, tout moun ki te gentan gen TPS ( TPS Apwouve ) pap pèdi estati yo menm kote a. Kisa sa vle di pou moun sa yo?
1) Yo pap tonbe nan kategori « undocumented » paske TPS lan jisteman ap toujou aktif/valid toutotan « stay » la en plas.
2) Yo pap akimile prezans ilegal nan peyi a apre 3 fevriye toutotan « stay » lan li en plas.
3) DHS/ICE pa ka legalman kenbe yo epi depòte yo sou baz yo pa gen estati TPS ankò pou kounye a toutotan stay la en plas.
4) Pou moun ki gen kat travay anba TPS ou ka legalman kontinye travay depi travay ou pa baw pwoblèm. Men si yo mandew bay yon prèv ke kat la pwolonje, li ka difisil pou bay li si USCIS pa mete yon nòt klè deyò ki eksplike sa. Kidonk rapwochew de resous imèn travy ou pou wè si yap dakò pra desizyon « stay » lan kòm prèv.
Desizyon sa pa vle di DHS renouvle TPS la ni ouvri re-enskripsyon. Donk, pèsonn pa bezwen voye nouvo aplikasyon. Ke se swa pou kat travay oubyen renouvle TPS.
Pou moun ki gen dosye en attente yo, dosye yo toujou en attente. « Stay » lan pwoteje ou pasyèlman menm janl te pwotejew pandan tout peryòd ou te ap tann deja yo. Desizyon jij lan pa baw estati menm kote a ni otorizasyon travay siw pat gentan gen yon kat travay na menw. Pa voye nouvo aplikasyon non plus.
ATANSYON! « Stay » lan pa renouvle de fason otomatik lisans ak pyès idantite kite fèt anba TPS yo. Si ou gen yon pyès ki make 3 fevriye sou li kòm dat ekspirasyon, lap toujou ekspire demen an. Sèl fason pou kontinye kondwi oubyen itilize pyés sa yo, se renouvle yo anba yon nouvo estati oubyen si USCIS ta poste yon nòt kotel rekònèt tout papye sa yo pwolonje, ale ak nòt sa nan yon DMV + papye ki ekspire a pou renouvlel. Si USCIS pa mete okenn nòt deyò, malerezman lap difisil pou refè papyew. Kidonk tanpri pa al fè neglijans kondwi ak paye ekspire.
« Stay » lan li tanporè. Batay legal la pa kanpe la. DHS gen dwa fè apèl. Si yo fè apèl epi genyen nan swa kou dapèl oubyen Kou Siprèm epi yo arive leve « stay » lan, tanpri konprann ke de fason otomatik, tout moun ap pèdi estati an avèk desizyon sa.