🔴FLASH- BLTS nan Nòdwès arete Rénel Maréus, PDG Anba Kalbas, Dahana, Don Kenken, Lil Rock ak plizyè lòt atis bò 9PM Lapwent Dèpalmis pandan atis yo tapral jwe yon pwogram pou Sakad Vatikan. Selon yon ajan BLTS, ta sanble Lapolis te gen alèt sou machin kite pote mesye dam yo.
🔴FLASH:
Clévens Cétoute, DDNO - PNH la , demanti enfòmasyon ki ta vle fè kwè se bandi ki ta atake prizon sivil Pòdpe a nan lannwit 3 Me 2024 la. Sak rive a se yon evasyon. Gen prizonye evade ki blese mòtèlman. Gen lòt fòs lòd yo kontinye ap chache.
#Mario_Valmé
🔴FLASH: Evazyon nan Prizon Sivil Pòdpe
Yon selil nan prizon Pòdpe a kase aswè vandredi 3 Me a. Gen prizonye ki sove, gen lòt ki mouri pa bal nan moman evazyon an. Sityasyon sa rive akoz neglijans kèk polisye selon enfòmasyon yon wo grade nan PNH Nòdwès la pataje ak #Mario_Valmé
Nou se 2 papiyon k ap Fly.
Men youn renmen lòt depi lè n te cheni.
Malgre difikilte n ap Fight.
N ansanm pou la lavi. Pa pou yon deseni.
L-won || Blessing
🔴FLASH - Plizyè lekòl nan site Kapwa Lamò a deja anonse y ap fèmen pòt yo akoz manifestasyon FOS NOU lanse kont PM Ariel Henry ak pou kraze Pòs Peyaj Meri Pòdpe a nan Karenaj pou mekredi 31 janvye a.
Plizyè machin moto ki tap sòti Okap pou rantre Pòdpe oblije kase tèt tounen akoz bandi tap opere sou wout Obòy la
Aksyon sa pase vandredi 24 novanm bò 6H PM. Komisarya Obòy te enfome de zak bandi yo depi menm lè a
Tibwadòm agoch. Obòy adwat. Nòdwès nan mitan. Leta, jwèt pou ou!
Gang Tibwadòm fèk kidnape anviwon 15 moun nan yon bis ki rele "Malere se moun" ki t ap sòt Pòtoprens pou rantre Pòdpe.
Yo pran tout chay kite nan bis la. Menm chemiz kite sou youn nan travayè bis la kidnapè yo pote ale.