Nou jwe 3 match MÈSI
Nou jwe plis ke 3 MÈSI
Nou pwan anpil gòl MÈSI
Nou pa pwan anpil MÈSI
MWEN KONTAN NOU FÈ M KONNEN SANSASYON YON MOUN LÈ PEYI L NAN KOUP MOND LA
🇭🇹 GRENADYE ALASOOOOOOOOOOOOOO⚽🤲🏿
Yon ekip potorik gason. Yon ekip ewo a kranpon, ki pote sou do yo rèv tout yon nasyon e mete souri sou figi tout yon pèp.
Mèsi Grenadye yo ! Se nou ki parèt nan foto a. Men se tout peyi a ki reprezante ! Mèsi. Mèsi. Mèsi.
Peyi a fyè de nou !