Maten an, mwen te rankontre ak ansyen Prezidan Jean- Bertrand Aristide, nan lespri dyalòg ak inite nasyonal mwen te pran angajman poum fè nan diskou 7 dawout pase a. Mwen eksprime rekonesans mwen anvè li pou echanj fran ak konstriktif sa a. Ansanm, nou te pale sou ijans ak nesesite pou n bay sekirite pou nou ka al nan eleksyon.