Premye fwa a ka yon erè men si w korije l, dezyèm fwa a pa lòt ke yon chwa. Lè sa a, se siy pou w koupe pon an. Etabli limit sa w kapab ak pa kapab aksepte nan men yon moun bonè, ap evite yon dividal pwoblèm ki pa nesesè pi devan.
Vitès sa pran pou w korije yon moun pa rapò ak yon konpòtman ou pa apresye ap ansenye moun lan kijan pou li trete w.
Sonje tout sa ki repete ap tounen yon abitid, kidonk si yon moun fè w yon bagay ou pa apresye, tou korije l sou plas.
Sa t ap entelijan anpil si w te kòmanse lè ou te di w t ap kòmanse a, lè konsa ou t ap pi lwen nan lavi w. Ou ka toujou kòmanse kounya tou. Se jis yon kesyon desizyon.
Albert Einstein di: “Entenlijans se vitès sa pran pou yon moun chanje”.
Pou yon moun rive chanje jan li te konn fè yon bagay, sa mande avan tou pou li te konn aji.
Lè ou gen asirans ke ni ou menm, ni patnè w gen ase valè pou li ere poukont li men ke asanm nou miyò, n ap ka konstwi yon vrè lanmou kote nou tou 2 gànyan.
Fòk bonè w ak bonè patnè w pi enpòtan pase egzistans relasyon an. Menmsi nou gen menm objektif, gen de wout pou nou fè poukò n paske nou chak gen chimen pèsonel nou k ap pèmèt nou rive grandi ansanm.
Li ap ba w presyon chak jou ke li ap kite w, li toujou sou ale men li pa janm ale vre. Li toujou ap chèche mete w nan pozisyon pou w sipliye l pou l rete, sa se manipilasyon.
Si li refize wè w tankou yon endividi endepandan, ki gen pwòp lide pa l ak jan li wè mond lan, li refize konprann gen de eksperyans ou dwe fè san li. Li vle gen kontwòl lavi w epi fè sa pase pou jalouzi, sa se posesyon.
Si negativite nan relasyon an peze plis pase pozitivite men li refize kite w ale; li bay plis valè ak aspè aparan relasyon an ke bonè nou 2 a, sa se obsesyon.
Apre premye viktwa w sou yon sitiyasyon ou pa t konnen, lòt viktwa sou menm sitiyasyon an p ap aprann ou gran choz de nouvo alòs ke chak fwa ou simonte yon sitiyasyon ki difisil, ou toujou gen opòtinite pou aprann. Plis ou ka aprann, se plis ou grandi.
Kòm ou pa gen kontwòl total sou sitiyasyon an, li pwobab ke w pa t pare pou li; men yon fwa ou viv li, li vin yon bagay an plis ou konnen. Si ou gen pou w viv li ankò, w ap fè fas avèk li yon lòt jan.
Yon vant vid, yon bous san lajan, yon kè brize… ap mete w fas ak reyilite ou pa t konnen anvan. Reyalite ki jeneralman lakòz ou soufri.
Chak fwa ou fè fas ak yon reyalite ou pa t konnen, sa rann ou enkonfòtab epi mete w an difikilte pou yon tan. N ap redi li ankò, POU YON TAN.
Yo vle sa ki miyò pou ou. Yo wè nan siksè w lespwa pou tèt yo e yo vle w resevwa sa w merite paske yo konnen efò sa mande pou w vin moun ki ka remèt nivo kalite travay w ap ofri a. Sa enspire yo pou yo vin miyò.