Peyi a bezwen sitwayen ki pa sèlman plenyen an prive, men ki gen kouraj pran pozisyon piblik pou enterè jeneral la. Lè move gouvènans ap detwi peyi a, silans sitwayen yo vin tounen konplisite.
ULCC fè kèk efò. Menm rann kont gen enstitisyon ki gen VETO sou yo.
Kèlkeswa denonsiyasyon, soupson, prèv … ki genyen, ULCC fèmen 👀 l, li bouche 👂🏻 li.
#ULCC plis sèvi tèt li, olye l ede konbat koripsyon an #Ayiti.
Viv ak konviksyon epi konyerans pa fasil.
Depi yo paka manipilew, yo egzilew, baw bwa long kenbe, baw tout non pote.
Lè konsa m ri yo.
Yo pat e pap janm DLO ak SÈL mwen. 👎🏽
Ne laissez pas le confort temporaire devenir une prison.
Tant que vous avez la force, la santé et la volonté, osez viser plus haut.
Prenez des risques, sortez de votre zone de confort.
C’est souvent là, au-delà des certitudes, que commence la vraie vie.
Zafè zenga si l pent.
@lereliefhaiti karikati 🤝
Kapital la gen plizyè jou nan blakawout jeneral, gang okipe 2/3 nan depatman Lwès, malnitrisyon ap touye moun nan kan deplase yo epi gouvènman pral gaspiye 400 milyon goud pou komemore lawonte.
#koripsyonAyiti#movegouvènans
Cette semaine, l'État haïtien a perdu le contrôle de Mirebalais et de Saut-d’Eau, n'a pas pu éviter de nouvelles destructions à Kenscoff et a provoqué un durcissement de la politique migratoire contre les Haïtiens en République dominicaine… @nouvelliste, @Frantzduval
La Polis te anonse li repran kontwòl Solino.
Poutan depi yèswa 25 oktòb pou rive maten 26 oktòb 2024, men kòman sa ye nan Solino.
Bandi mete dife nan plizyè kay Ticheri, boule anpil kay bò teren Pè a.
Yap avanse sou kafou Solino.
Nap manje lajan. Nap byen viv.
Malgre nou paka bay rezilta, nap fawouche popilasyon an, moun ki nan nesesite yo, moun ki te deja patka manje epi kap kouri pou bandi san okenn destinasyon yo.
Nou kontinye ba yo manti. Eseye bay fo espwa.
Nou mechan anpilllll