Se tout bagay sa yo anpil moun pa vle konprann ki fè yo pètè pètè konsa, tounen ekspè nan di Un ak Amnesty Intl betiz. Moun yo panse se anachi yap antreteni Ayiti a kap renye sou tout latè.
Sim wè Ayisyen ap mande kote Amnesty International te ye dat sa, konnen nou gen poun manje saksot nan dèyè moun lan 3 fwa pa jou. Sak tris la menm sak ta sipoze pami tí ponyen ki ka li a, ap remèt menm non sans yo.
Son pèp ki pa ret kwè ke ka gen 2 verite, li ka pou 2 bagay alafwa. Sèvo yo fonksyone an Tonton-Palmis inikman.
Definitivman (lè gen leta) m panse leta Ayisyen dwe fè Kenyan yo remèt lajan yo manje mal la wi! Menm yon antòs m pa kwè youn te rive genyen. Tchuipsss
Nan kad akò bilateral ki genyen ant gouvènman Ayiti ak gouvènman Salvadò a, yon operasyon konjwen ki te reyini Polis Nasyonal Dayiti, Fòs Lame Dayiti (FAd’H), Task Force la, ak Fòs Espesyal Salvadò yo reyisi pran kontwòl Estad Sylvio Cator a epi mete l an sekirite. Pandan operasyon an, nou te dekouvri plizyè zo tèt moun anndan estad la.
Kounye a, nou pral tabli yon baz operasyonèl nan estad la pou n ka kontinye avanse pi fon nan teritwa gang yo kontwole.
Kounye a, se nou ki gen avantaj sou teren an.
Mwen mande tout manm gang yo avèk anpil fèmte pou yo kite zòn nan anvan ofansiv la kòmanse.
Moun ki chwazi rete pou konbat fòs nou yo ap oblije sibi konsekans yo.