SOS pou mache kominal Wanament la ki chaje ak fatra, ma dlo labou ak dechè ki dekonpoze, moun pa ka respire akoz move odè a wo. Gen ijans pou mache a netwaye e dezenfekte. Pou sa ti machann nou yo ap respire nan mache a, si yo pa ale lopital yap di lougawou kap manje yo. #OIP
Yon fanatik Ouanaminthe Info Plus prive nou pou esplike nan ki nivo moun pa ka pase bò plas piblik Wanament la akoz move odè, peleren ki vin etabli baz yo pou fèt patwonal la pa gen twalèt mobil, se sou plas la yo fè bezwen yo.
Jwèt pou otorite minisipal yo.
#OuanamintheInfoPlus
Biwo Inite kap Lite Kont Koripsyon an #ULCC nan depatman Nòdès la lanse ofisyèlman "École d'été anti-corruption 2025" Nan depatman Nòdès la jounen Lendi 28 Jiyè 2025 la nan sal konferans biwo a an prezans plizyè dizèn patisipan.
#OuanamintheInfoPlus
@Otorite_Wanament yo, eske se nan fatra ak salte nap kite bèl vil fwontalyè nou an pase fèt patwonal la?
@otorite_minisipal yo, si chaj la twò lou, nou ka demisyone popilasyon an pap fache non. #OuanamintheInfoPlus
Stefania THELUSMÉ se non jèn demwazèl 19 lane sa ki Loreya bak inik 2023 pou depatman Nòdès la, elèv Collège Univers a fè 1614/ 1900. Nap fè remake se 1800 kandita ki reyisi nan Nòdès sou 4482 kite patisipe nan egzamen yo.
OIP felisite loreya e swetel bon siksè.
Kredi foto : OP
Le Premier ministre, Dr Ariel Henry, rencontre, actuellement, à la Résidence officielle, les éminentes personnalités mandatées par la #Caricom, dans la perspective de parvenir à un accord entre les différents acteurs politiques.
#OuanamintheInfoPlus
Sendika Sektè Transpò Terès Ayisyen mande gouvènman an pou aplike dekrè 9 Mas 1995 lan fas ak gaz la ki bese sou mache entènasyonal la pandan yo bay gouvènman 72 èdtan pou bese pri gaz la ak 40 pousan.
@Sous_RTG
#OuanamintheInfoPlus
Yon moun kap frekante site lapè ak nan Mapou aswè a pridan anpil, genyen katouch kap tire epi yon gwoup jèn gason pran lari a ak manchèt boutèy zam nan men yo. OIP poko konnen motif mouvman sa.
#OIP
<<Si m te toujou premye minis se sou kadav mwen yo tap pase pou yo te touye prezidan Jovenel>>. Deklarasyon ansyen PM Jouthe JOSEPH pandanl te sot reponn kesyon jij Walter W. VOLTAIRE, nan ankèt kap mennen sou asasina Jovenep MOÏSE la.
#OuanamintheInfoPlus
#Fineray Dartilus Brunel (Sander) chante jodi samdi 24 Jen an nan Legliz Asanble de Dye zòn GAYA (site Desès) nap raple w, li te pran bal nan ensidan kite pase nan pak endistriyèl Kodevi Wanament la, nan dat 15 Jen an, kote plizyè moun te pèdi lavi yo ak plizyè lòt te blese.#OIP
Byen bonè Maten Vandredi 23 jen 2023 a plizyè anplwaye ak ouvriye nan divès fabrik reprann travay yo kòm sa dwa nan pak endistryèl kodevi Wanament, nap fè remak se depi yè Jedi a te gen yon echantiyon ki te reprann travay yo ki te kanpe depi aprè ensiden ki te pase jedi 15 jen an
Plizyè gwo chabrak nan leta a pami yo, chèf kabinè Ministè Enteryè, Lamèri, reprezantan divès sendika ki anndan pak endistriyèl CODEVI Wanament la chita pale nan lokal vis delegasyon Wanament la pou gen yon ide sou ensidan ki pase nan pak endistriyel la 15 jen ki sot pase la a.
Gwo panik nan CODEVI Jedi 15 Jen an, sekirte yo tire anpil gaz ,ouvriye yo menm voye anpil wòch, paske gen yon ouvriye ki jwenn arèstasyon swit a altèkasyon ki te genyen antre yon operatè MD ak yonn nan nouvo sekirite CODEVI yo, tout fabrik lage anpil ouvriye pran gaz.
Le premier Ministre Haïtien Dr Ariel Henry a laissé le pays ce 8 juin à destination des Bahamas pour participer à une rencontre des Chefs d’Etat et de Gvment de la CARICOM : Caribbean Community et de la R. Dominicaine avec la V-présidente des Etats-Unis d’Amérique,Kamala Harris.
Byen bonè madi 6 jen an pou pi piti 3 moun pèdi lavi yo ak plizyè blese nan yon tranbleman tè mayitid 5.7 ki sekwe GranSid peyi a spesyalman vil Jeremi ak Okay
42 moun mouri, 11 lòt disparèt, 85 blese, 13 mil 633 kay inonde. Se bilan pasyèl otorite nan #protection_Civile bay sou gwo lapli ki tonbe sou peyi a pandan Week-end pase a.
OIP ankouraje tout moun rèspèkte konsiy yo epi proteje tèt nou ak pyès enpotan yo. #OuanamintheInfoPlus
#JISTIS-Ansyen senatè Lwès la Antonio CHERAMY reponn kesyon jij W. Wesser Voltaire Jodi Lendi 5 Juin 2023 a nan kad ankèt jij ensktriksyon an ap mennen sou asasina ansyen prezidan Jovenel MOISE.
#OuanamintheInfoPlus
#OMAj-Se avèk anpil tristès fanmiy zanmi fanatik jounalis powèt,ekriven,kontè Wilner Altidor yo patisipe nan selebrasyon lavi li jodi Mèkredi 31 Me 2023 a, sou inyativ Radio masak ak fanmiy li. Se yon okazyon pou pwòch li yo, te esplike kalite wilner Altidor te gen lakay li. #OIP
Pou klotire mwa Me a ki batize mwa Mari, legliz katolik Wanament òganize yon mach nan lonè vyèj Mari nan aprè midi Mèkredi 31 Me 2023 a kise Fèt notredam de la vizitasyon ki fete nan Pawas Kachiman.
Yon mach ki pase nan plizyè ri nan komin nan pou priye BD. #Ouanamintheinfoplus
35 000 a 50 000 goud se kantite lajan pou peye pou siyen yon paspò nan biwo CRLDI Wanament la, malere ki pa gen gwo lajan ap fè plizyè semèn nan liy yo pa janm ka siyen.Gwo chabrak nan DGI a an konivans ak anplwaye CRLDI yo ap pran gwo lajan pou fè moun siyen paspò nan wanament.