« 47 Y'a pran non l' pou yo mache fè konnen mesaj la nan tout peyi, kòmanse lavil Jerizalèm, pou mande tout moun pou yo tounen vin jwenn Bondye pou yo ka resevwa padon peche yo. 48 Nou temwen tout bagay sa yo. » - Lik 24:47-48
Tande sou YouTube:
Lik 24
https://t.co/pdBv3sSf2g
« Yon twazyèm fwa ankò, Pilat di yo: Manyè di m' ki move zak li fè konsa? Mwen menm, mwen pa jwenn anyen nan nonm sa a ki merite lanmò. Mwen pa di nou mwen pral fè bat li byen bat, apre sa m'a lage li? » - Lik 23:22
Tande sou YouTube:
Lik 23
https://t.co/r4k036DS5l
« Kilès ki pi grannèg: moun ki chita bò tab la, osinon moun k'ap sèvi l' la? Moun ki chita bò tab la, pa vre? Tansèlman, mwen menm mwen nan mitan nou tankou moun k'ap sèvi a. » - Lik 22:27
Tande sou YouTube:
Lik 22
https://t.co/3UI0AbPrGX
« Men, Jezi gade yo, li mande yo: Ki sans nou bay pawòl sa ki ekri a: Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la. » - Lik 20:17
Tande sou YouTube:
Lik 20
https://t.co/uGAquEB4I3
« 39 Te gen kèk farizyen nan mitan foul la. Yo di Jezi konsa: Mèt, manyè fè disip ou yo pe bouch yo non. 40 Jezi reponn: M'ap di nou sa: si yo pe bouch yo, wòch yo va pran rele. » - Lik 19:39-40
Tande sou YouTube:
Lik 19
https://t.co/q3HEnWn9Ot
« Men, Jezi rele timoun yo vin jwenn li, li di: Kite timoun yo vin jwenn mwen. Pa anpeche yo vini, paske peyi kote Bondye Wa a, se pou tout moun ki tankou timoun sa yo li ye. » - Lik 18:16
Tande sou YouTube:
Lik 18
https://t.co/qEulQ3DUM4
« Farizyen yo mande Jezi kilè Bondye t'ap vin tabli gouvènman l' lan. Li reponn yo: Bondye p'ap* vin tabli gouvènman l' lan yon jan pou tout moun wè li. » - Lik 17:20
Tande sou YouTube:
Lik 17
https://t.co/UqdTMAeJg4
« Pesonn pa ka sèvi de mèt byen anmenmtan. Li gen pou l' rayi yonn si l' renmen lòt la. L'ap sèvi yonn byen, men l'ap meprize lòt la. Nou pa ka sèvi Bondye ak lajan anmenmtan. » - Lik 16:13
Tande sou YouTube:
Lik 16
https://t.co/q1EJNn3T5E
« M'ap leve, mwen pral tounen jwenn papa m', m'ap di li: Papa, mwen peche kont Bondye, mwen peche kont ou menm tou. » - Lik 15:18
Tande sou YouTube:
Lik 15
https://t.co/OLu88HHRLo
« Jezi di yo ankò: Konsa tou, nou yonn la a pa kab disip mwen, si l' pa detache kè l' sou tou sa l' genyen. » - Lik 14:33
Tande sou YouTube:
Lik 14
https://t.co/1jOa6pAotF
« Fè jefò pou n' antre nan pòt jis la; paske, m'ap di nou sa, anpil moun va seye antre, yo p'ap kapab. » - Lik 13:24
Tande sou YouTube:
Lik 13
https://t.co/fEq5VZehsd
Ipokrit, nou konn ki sans pou nou bay bagay k'ap pase sou tè a ak nan syèl la, poukisa atò nou pa konn ki sans pou nou bay bagay k'ap pase koulye a nan tan sa a? » - Lik 12:56
Tande sou YouTube:
Lik 12
https://t.co/QAlPySyigB
« Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konn bay pitit nou bon bagay, se pa Papa nou ki nan syèl la ki pou ta refize ban nou Sentespri l', lè nou mande l' li. » - Lik 11:13
Tande sou YouTube:
Lik 11
https://t.co/F9ZyRJqsI6
« Epi li di yo tout: Si yon moun vle mache dèyè m', se pou li bliye tèt li. Se pou li chaje kwa l' sou zèpòl li chak jou, epi swiv mwen. » - Lik 9:23
Tande sou YouTube:
Lik 9
https://t.co/wbCOrjXhxu
« Nanpwen anyen ki kache ki p'ap devwale, nanpwen sekrè pou moun pa rive konnen, ki p'ap parèt aklè. » - Lik 8:17
Tande sou YouTube:
Lik 8
https://t.co/znBTzWXbyC
« Men, tout moun ki asepte bon konprann Bondye a, yo moutre se Bondye nan bon konprann li ki gen rezon. » - Lik 7:35
Tande sou YouTube:
Lik 7
https://t.co/1QafzvilLa
« Enben, mwen pa vin rele moun k'ap mache dwat devan Bondye, men moun k'ap fè sa ki mal pou yo kapab tounen vin jwenn Bondye. » - Lik 5:32
Tande sou YouTube:
Lik 5
https://t.co/YcCebjpi85