@Audcassandre Real pati pou yon lòt 3èm sezon blanch. Mpat janm kwè keu Mbappé se jwè Real t bezwen an e mpa kwè nan Mourinho pou ekip sa . Yo k toujou fè kèk bon kou men depi vini Mbappé Real pèdi nanm li li pa fè okenn ekip pè ankò🤛. Bon lajounen!
@thethoughone 😀 ou wè samble ak moun kap voye monte? Na fè deba ba yon lòt jou. E mwen sûrrrr( mwen si 😅, nan vwa papa pye wap jwen pi plis deriv pase m ) .
San mpa vle prete movèz entansyon pou kesyon sa ki samble ak teknik dekredibilite yo, map reponn ou konsa : Mpa gen tout konpetans ou nan evalye administrasyon men pou admistrasyon sa ( Preval te prezidan an ) nou tout konnen se ladann tout gro deriv ak move desizyon ki efondre leta pi plis fèt . Pat gen ni plan ekonomik, ni volonte pou defini gran liy pou leta a fonksyone. sete jis slogan (twa fèy ,naje pou sòti ..., tafia, ti zanmi. Nou k toujou konsidere kèk reyalisayon (pratik) ki t sitou finanse pa UE .
Mwen gen anpil ,anpil. Si w pran ti rekul tou piti e w gen kapasite pou jwenn yo e montre yo tou 😊.Mwen swiv ou konpetan pou sa . Trou nou ye jodia Admistrasyon sa fouye twaka ladann. Men kèk pwojè ki finanse pa entènasyonal sèvi konn agiman ou byen ekran lafimen pou bare reyalite a. Leta a dwe panse , inivèsitè tankou w yo dwe nan kè leta q pou ap ponn lide , teyori, fè deba tout kote pou n rekanpe🤛. Bon lannwit.
Carel bay moun ti mesaj sa epi nap wè nan ki eta je yo pa gen dlo ditou,👇😀
1958 🇦🇷 elimine nan premye tou
1962 🇦🇷 elimine ankò
1970 🇦🇷 pa kalifye pou mondyal
Nou tout konn kijan yo rele elèv depi yo pa pase yo tonbe pale lekòl ak tout profèsè yo mal. Gen ti zwazo ki renmen fouye tou nan poto elektik ebyen yo gen menm bouch ak fan 🇦🇷 yo. 🤛
@RalphEFrancois@JacquesWad8017@WAltenord Si wap fè listwa fòk ou ta di sakt pase nan cdm 1978 la tou. 🇦🇷 bay perou pwovisyon alimantè pou 6 gòl .se depi lonton ekip sa ap fè bagay louch , bay gòl ak men e kounye a ankèt ap fèt sou AFA . Ge Fan 🇦🇷 pa gen dlo ditou 🤔.
Gen lòt sous ki di ankèt yap mennen sou AFA a ap rive jus nan ane 1978 lè nèg 🇦🇷 yo t baz pwovisyon alimantè peyi perou pou t k make 6 gòl pou yo t kalifye e chanpyon nan monyal sa. Lòt enfo ta fè konnen yap evalye posibilite pou anile hòl ak men Madonna a nan ane 1986. Bon anyen moun 🇦🇷 pa dwat 🤔⁉️
@RalphEFrancois Yo moun ki pròch Ralph veye sou li aswèa souple li pa konn sou ki branch pou l kanpe e si n t k pran boutèy la tout telefòn nan men pou kèk jou li tap bon 😂.Mèsi