Breaking downs on Politics, Economics, Finance & Business|Customer Service Tips|Haitian Perspectives on global money matters 🌎 💰|Host of EcoFin|DM for collabs
No son nuestros hombres.
Una ONG entregó restos humanos en el aeropuerto, asegurando que pertenecían a nuestros cuatro aerotécnicos.
Sin embargo, los restos corresponden a un niño, a un hombre de una estatura considerablemente mayor que la de nuestros aerotécnicos y a una persona que portaba parte de un uniforme de un ejército que no es el nuestro.
Entre los restos también se encontraron carnets de identificación y uniformes militares de otros países.
@thethoughone Li pa selman PNH, li se FAD’H, li se FRG, li se Task Force/Mèsenè yo.
Tout moun ki batay kit se travay ou kit se pou lajanw, kit se pou zòn ou MÈSI🙏🏾🙏🏾
Ann chèche koupe chèn apwovizyonman bal yo, Ann batay men Ann konsolide.
Mèsi pa sifi, men MÈSI MÈSI MÈSI🙏🏾🙏🏾🙏🏾
Nou remake jan li pa sispann di FÒS LÒD yo mèsi?
Jan li pale de konsolidasyon yo fè apre yo fin repouse mesye yo?
Nou ka tande rekonesans nan vwa l pandan l ap pale
Men madanm rnddh la, limenm kanpe pou l di w, pa gen anyen k ap regle, se jis lajan taks nou k ap gaspiye
M vrèman swete moun Kenskòf tounen lakay e sispann kouri pou bandi
Mèsi @pnh_officiel
Vivansanm se eritaj enkonpetans ak neglijans Jovenel Moïse. E lamò l se rezilta menm enkonpetans ak neglijans li kòm chèf leta.
Jodia blofè enkonpetan ki te antoure l yo, Ayisyen ki sansib a mò ap di w li te Dumarsais Estimé 2.0. O l se yon Viktim.
Viktim nan Kisa?
Bann san Nanm!
Kijan yon seri ayisyen fè rive ak konklizyon si Bukele voye sòlda Ayiti anplis apre sa ki rive a, l ap vyole dwa entènasyonal ak souvrènte peyi a?
Kote yo jwenn ak koze sa menm?
Ou mande kijan yo ka konpare peryòd avan ak apre Jovenel?
Ban m ba w 2,3 endis ak endikatè kijan yo fè
N.B: m ap jis ba w yo men m pa pral defini chak grenn pou ou
An n ale
1- endikakè gouvènans
2- endis pèsepsyon koripsyon
3- endis demokrasi
4- jesyon finans piblik
5- endikatè makwoekonomik tankou: to kwasans PIB, to chomaj, enflasyon, balans komèsyal
7- atraktivite ekonomik tankou IDE (Investissements Directs Étrangers)
8- endis devlopman imen
9- endikatè rediksyon inegalite
10- to reyalizasyon elektoral
11- pwodiksyon lejislatif
Pran chak sa yo, al gas kijan sa te ye avan, pandan ak apre l epi kisa l te fè ou oa
Apre w fin fè sa, ou sipoze jwenn repons ou an
Yo pral rale mezi eskiz ki egziste pandan konsta p ap chanje
Moun yo panse lè y ap evalye pasaj yon moun nan nenpòt enstitisyon an, se pa konsta yo fè e konsta sa yo fèt ak data 📈 san santiman
Apre w fin gen data 📊 yo, ou fè konsta, ou dekri l, lè sa ou pral analize rezilta w jwenn nan, se nan moman sa koze tankou:
- koudeta
- manifestasyon
- peyi lòk
- katastwòf natirèl, elatriye ap antre an liy de kont
Men depi se konstate w ap konstate, se sa w wè a pou w di
Egzanp: Venezuela 🇻🇪 vin pi mal sou Maduro (sa se konsta), kèlkeswa sa w rale tankou anbago ameriken, konsta sa p ap chanje paske Venezuela 🇻🇪 vin pi mal sou Maduro
Se sa l ye menm wi men anpil ayisyen p ap verifye detay sa
E si memwa m pa fè m defo, m kwè gen yon jounal Canada 🇨🇦 ki te menm ekri atik sou sa, pou di jan ayisyen pa gen rekonesans anvè moun ki lonje men ba yo lè yo nan bezwen
Anpil k ap fè vye kòmantè yo panse lòt nasyon p ap wè oswa konprann sa y ap di yo jis paske se nan kreyòl pandan kounya, teknoloji a sanse tou tradwi sa k monte sou paj ou otomatik pou yo
@thethoughone Pou kore saw di yo
Ou Raplew aprè l’ONU fin ratifye vini force la
Ou Raplew enpas sa pran pou t gon Peyi ki pran Tèt Force sa : Canada, Brésil refize, etc…
Mpanse se abitye yo vin abitye ak konpotman Engra, Awogan nou an Tròp wi ki t ka yun nan koz refus sa yo ✍🏼✍🏼
@Crevito286 Paske w peye sèvant lakay ou pou pran swen pitit ou pandan w al travay, ou pa dwe rekonesan pou sa? Ou ka di se te pou lajan l kifè w trete l jan w vle?
Nou se yon pèp ki angran, frekan, ki panse tout moun dwe nou pandan n pa ka itil tèt nou anyen sot la rive la
Epi n engra met sou li, nou pa gen men yon lòzyè rekonenans pou moun ki kite peyi yo, vin met vi yo an danje pou n ede n rezoud pwoblèm nou kreye ankò, k ap fè n kouri, apante mezi peyi nan zòn pa pil ak pa pakèt apre n fin fè touris lokal nan kouri pou yo
Nou se pèp ki pi pòv nan emisfè men tou sa ki pi frekan ak engra a
Kit li te politisyen, jounalis, moun ak mikwo, swadizan moun k ap defann dwa moun, pèsonalite piblik, pifò ladan yo gen menm atitid la paske pou yo, moun sa yo dwe yo sa, pou vin riske vi yo pou batay ak gang lakay nou
Nou fatigan kòm pèp
Men koman Fanmi yo enkonsolab lè solda yo ap kite yo ,yo selman aksepte Pou vin ede polis ou a ak anbriyon lame ou a goumen ak gang
Pou wè siw ta jwen on moso lapè pou vakye ak okipasyonw ...
Men anpil sèvèl griye pa sispann krache sou kouraj yo.
Nou pa moun ,nou sanwont...