Dekrè miniye 30 Mas 2026 la, se yon pòt Gouvènman Ayisyen an louvri pou peyi enperyalis yo fè piyaj sou tout resous min yo an Ayiti. Pèp Ayisyen dwe rete vijilan !
14 Me 2011-14 Me 2021.10zan PHTK Enstitisyonalize :
kòripsyon,vòl,vyòl,masak,asasina, Kidnapin,vòlò tè,fè vini 7 mèsenè etranje, pa Rèspekte Konstitisyon 1987 la. Jovenel ak Martelly fè Krim Trayi Peyi a, Atik: 21 Konstitisyon an. Konsa,nou mande aplike Atik 21-1 Kont Mesye sa yo
26 Avril 1963 - 26 Avril 2021
58 Lane, Depi Viktim Masak Rejim Diktatoryal Sanginè Duvalier yo ap tann Jistis.
Nan Memwa tout Viktim Diktati Duvalier yo, nou mande pèp Ayisyen an, Mobilize Kont Referandòm Enkonstitisyonèl Jovenel la ki vle Chouke yon rejim Diktati nan Peyi a
7èm rezon ki fè Peyizan yo dwe Bare pwojè Referandòm Kò Gwoup la ki vize kreye Kondisyon pou fè Dappiyan sou tout Tè ak Min Peyi a.Konstitisyon 1987 la di nan Atik 284-3 Referandòm, pou yo mande pèp la si li dakò pou gen Chanjman nan Konstitisyon an,pa gen dwa fè.
Ògani ou Lanmò
6èm rezon ki fè Sektè Peyizan dwe Bare pwojè Referandòm Kò Gwoup la.Konstitisyon 1987 la di nan Atik: 251Lè Tè peyi Dayiti kapab fè danre ak pwodui ki sòti nan danre yo, sifizan pou peyi a jwenn.Yo pa gen dwa kite danre sòti aletranje pou rantre nan peyi a.Sòfsi gen gwo nesesite
5èm rezon ki fè Peyizan yo rete Atache ak Konstitisyon 1987 la. Atik 249 la di:Leta fèt pou li mete tout sa ki nesesè anplas,pou tè a bay rannman ,epi pou tout pwodui yo vann nan tout peyi a.Nan Seksyon Kominal yo, yap mete teknisyen pou bay peyizan èd pou travay tè a, ni lajan.
4èm rezon ki fè Sektè Peyizan di Non a Referandòm !. Konstitisyon 1987 di nan Atik 248 Yo mete yon biwo espesyal ki rele"Biwo Pwogram Leta pou Regle Pwoblèm Tè" (INARA) yon jan nan enterè moun kap travay tè a. Biwo sa gen tout mwayen pou tè peyi a bay bon rannman epi tè a pwoteje
29 Mas 1987 - 29 Mas 2021
34 Lane Rezistans pou Plante Demokrasi ak Leta Dedwa nan Peyi Dayiti. Jodi a, Nap Batay san pran souf Kont Referandòm Enkonstitisyonèl la ak Diktati Regim PHTK Vle Enstore nan Peyi a.
"Nou pap tounen nan Diktati ankò"
3èm rezon ki fè Sektè Peyizan an di Non kont Referandòm Enkonstitisyonèl ak Diktati. Konstitisyon 1987 la, di nan Atik : 247 Travay tè ki prensipal richès peyi Dayiti. Se sa ki va pèmèt tout moun Viv alèz, se sa ki va pèmèt peyi a mache nan bon wout pwogrè.
"Tè se Lavi Peyizan"
Dezyèm rezon pou Peyizan yo di Non a Referandòm nan.Konstitisyon 1987 la, di nan Atik : 246 Leta Ankouraje Koperativ nan tout peyi a, Koperativ sa yo pèmèt pwodwi danre sa yo bay bon rannman. Leta Ankouraje biznis pou gen plis lajan nan peyi a, konsa peyi a va pi fasil pwogrese
Dezyèm rezon ki fè Peyizan yo di Non a Referandòm nan.Konstitisyon 1987 la di nan Atik : 246 Leta Ankouraje Koperativ nan tout peyi a. Koperativ sa yo pèmèt pwodui danre epi yo bay bon rannman. Leta Ankouraje moun fè biznis, pou gen plis lajan nan peyi a,konsa peyi a ap pwogrese
Me premye rezon ki fè Sektè Peyizan Ayisyen di Non a Referandòm Enkonstitisyonèl Jovenel Moise la, Konstitisyon 1987 la di nan Atik : 39 Premye moun ki fèt pou yo jwenn dwa travay tè leta, se moun ki rete nan Seksyon Kominal, kote tè sa yo ye.
" Tè se Lavi Peyizan "
Nous devons sauver démocratie "Le Dimanche 29 Mars 1987,le peuple Haïtien a approuvé cette constitution par 1.268.980 oui,2.167 non, 187 votes nuls. Publié dans le Moniteur le texte de cette constitution, en Français et en Créole, dans son Numéro 35 du 28 Avril 1987."
Peyizan Ayisyen Leve Kanpe ! Kont Referandòm ki vize Chanje Konstitisyon 1987 la, Referandòm sa a se yon pwojè Lanmò pou mond Peyizanrya. Leve kanpe pou Respè Konstitisyon 1987 la, ki Garanti Dwa pou nou gen Tè nan Atik sa yo : 39, 246, 247, 248, 249. " Tè se Lavi Peyizan ".
Nous devons sauver démocratie "Le Dimanche 29 Mars 1987,le peuple Haïtien a approuvé cette constitution par 1.268.980 oui,2.167 non, 187 votes nuls. Publié dans le Moniteur le texte de cette constitution, en Français et en Créole, dans son Numéro 35 du 28 Avril 1987."
Le mandat Constitutionnel du Président Jovenel Moise arrive à terme conformément aux prescrits de l'Article 134-2 de la Constitution 1987 amendée et l'Article 239 du Décret Électoral 2 Mars 2015.
Violer la Constitution est un crime de haute Trahison.
Haïti, après plus d'un siècle de sanctions soutenues par les États-Unis, d'ingérence Politique, de Racisme imposé et d'exploitation des ressources naturelles sont encore palpables aujourd'hui. Mais le peuple Haïtien s'engage dans la lutte pour la survie et la Démocratie.