Ou ka fè sa w vle, men si w plis fokis sou fè rasinn anvan pil branch ak flè, wap ogmante probabilite pou gwo van yo pase ale kite w nan tè.
Non, se pa de sa w panse a m ap pale😉
#MPèleren
Poukisa lè moun yo di w detann ou, eseye fè ti viv, se "summer", elatriye, yo wè w mal paske w pa fè l menm jan ak yo?
Kòmsi se fason yo fè l la sèlman ki bon, tankou benyen monte kabann mw dòmi pa bon tou😂
Lè m pran konsèy ou a sa pa vle di m pwal depoze pye m nan mak pye w.
Menm si yon moun ta imite vwa bon zanmi w lan byen w ap wè se pa li.
Kesyon m ap poze tèt mw:
Èske m wè lè vwa sa se pa vwa Bondje?
Èske jan m di m renmen Bondje a, si yon moun pretann li renmen m, epi li ap aji jan m ap aji ak Bondje a, mw tap kwè l gen lanmou pou mw vre?
#MP
Isit, depi y ap fè yon bagay, oubyen yo di w fè yon bagay, ou di non, yo di w mare, ou egare, ou pa eklere... Pou moun sa yo ou lib se lè tout sa yo di w ou obeyi. Depi w pa esklav tout dezi moun isit yo di w poko konn sak libète.
Ebyen si se konsa m deja pa janm lib😎
#MPèleren
Nou pa jwenn kote ki gen kou natasyon, se nan bat pou n pa nwaye nou kòmanse konn naje. Donk pa pèdi tan w envite n nan chire do moun,ti enèji n, oksijèn nou,... se pou n fè rezistans pou n pa bwè dlo sal. Nou nan mond lan vre, men n ap fè tout efò pou n pa kite l rantre nan nou.
Jan bagay la ye la, si yon moun pa aprann fè plizyè bagay, w ap pase kennenpòt 4 jou razè chak semèn.
Labib gen rezon di travay 6 jou fè tout sa w gen pou w fè a, li pa di fè ti grenn sa w gen pou w fè a.
Wap fè yon pakèt travay pou w fè 1000goud, men depi w gade l li disparèt
Ou ka pa reyalize sa, men ti relasyon kase sirèt bay lòt bout jis paske w pa vle l fè tan ak gou pat la, miyò ke sa ki gen bay lòt la manje "caviar" pou yon lè yonn ka tande lòt ap di si se pat "mw", "ou" pa tap janm goute sesi sela, plis yon dal kout pwen anba kè diyite l.
#MP
Depi w nan tout sòs, yon jou kanmenm ap gen yon moun kap souse e kraze zo w.
Lè w tande "jou a la" , yo pap pale de rekonpans moun ki tap aji ak sajès yo sèlman, moun ki pat sispann fè neglijans, fè mechanste yo, ap jwenn kichòy tou.
Tout moun ap rekòlte sa yo te plante.
#MP
Isit lè yo bouche tout pòt chato yo ak yon pakèt kritè sèlman pou w pa ka rantre, yo rele sa " Standard ", ou menm lè w fè pòt ajoupa w la mezi w ak moun ki te toujou la pou ou yo, yo rele sa "discrimination".
Pa wè w wè moun isit, m di w fè plis pridans ke lòt yo
#MisaunPèleren
Li renmen fè sesi, li renmen moun k ap fè sela. Li di l gen dwa sa e li pa bay lòt moun regle anyen pou li. Men menm moun sa pa sispann chèche wòch David te vide Golyat atè a pou l fini avèw, lè li konnen w pa renmen ni sesi ni sela. Tankou w pa gen dwa pa renmen sa l renmen
#MP
Sa yo di w, e yo di l se jis yon blag la,... si se ou ki di menm bagay la, y ap rele l derespektan, repwòch,...
Jan m di w deja, byen souvan degre gravite bagay la, yo pa detèmine l sou aksyon ki fèt la oubyen jan l fèt la, men sou moun ki fè l la.
#MisaunPèleren
Proverbes, 19:3 -
La folie de l'homme pervertit sa voie, Et c'est contre l'Éternel que son coeur s'irrite.
Se sotiz yon nonm ki fini avè l. Apre sa, li konprann pou l fache sou Bondye.
The foolishness of man perverteth his way: and his heart fretteth against the Lord.
Depi yo konn moun ki fè l la, moun k ap vann li an,... li mèt pou 1 goud, li pa vo pri a, li pa merite valè e ou pa dwe montre w fyè posede l si w s on moun ki konn bon bagay.
Talè🤔, ou reflechi konsa, konsa wi, epi w panse w plis pase tout lòt, ou panse w pi eklere sou latè?
1-Si yo rasanble gen anpil chans pou yo pa diferan jan n panse a.
2-Si yo pa ka rete kole tou gen menm nivo chans lan pou yo pa tout sanble sa n panse a an reyalite.
(Gen kopi ki plis sanble ak orijinal, ke orijinal la, e sa rive menm nan rad, vizaj, elatriye.)
#Misaun
Kounya ann imajine, si menm jan aprè yon bon ti tan, nèg yo fè n tounen nan mondyal la, nèg kap pran pòz yo renmen peyi a pase m yo ta di aprè tout tan sa tou, n ap retire pye nou sou kou peyi a, nou pap voye zam nan geto yo, nèg geto yo ta di menm si yo pote l nou pap pran l. 🇭🇹
Ann imajine, menm si m di ann, se imajinasyon pam😂, mw pa pran ni kesyon ni sijesyon. Ann di AYITI rive nan final, pa konn kòman sa fè fèt, pa fè lojik avèm😂, final la tonbe premye janvye, pa fè lojik avèm pirèd, e nou anfas peyi n te bimen 1803, epi nou chanpyon.
Biwwwww🇭🇹
Anpil nan moun k ap plenyen paske yo swadizan pa jwenn sipò pwochen yo pa janm sipòte pèsòn.
( E yo pa konsa sèlman nan koze sipò, yo konsa ni nan koze respè, atansyon, afeksyon, lanmou, fidelite,... )
Kite premye wòch la pou moun ki pa peche tande.
#MisaunPèleren
"X" byen pran swen pa l yo, fè kalòj pou yo,... pijon l yo ap bay bon randman. Ou menm, menm dlo pou w mete pou pa w yo se nan redi. Epi ou toujou cho pou w konpare yo ak pa lòt la, meprize yo paske yo pa bay menm rezilta. Bon, kisa ki fè w pa f on ti konpare w ak "X" pito?
#MP