#Immigration: Mwen tèlman jwenn kesyon sou kòman pou nou fè @CBP pou paran/ gadyen ak timoun. Mwen oblije fè pòs sa an ijans pou evite erè sitou depi apré #CbpOne fin pase a vèsyon 2.52 a.
𝐓𝐚𝐧𝐩𝐫𝐢 𝐩𝐚 𝐟è #𝐂𝐛𝐩𝐎𝐧𝐞 𝐬𝐢 𝐰 𝐩𝐚 “𝐬𝐮𝐫𝐞”, 𝐩𝐚 𝐟è 𝐥 𝐬𝐢 𝐰 𝐩𝐚 𝐬𝐰𝐢𝐯 𝐩𝐰𝐨𝐬è𝐬 𝐥𝐚𝐧 𝐣𝐚𝐧𝐦 𝐩𝐨𝐬𝐭𝐞 𝐥 𝐥𝐚.
Anpil timoun tounen lakòz erè paran/gadyen an fèt depi nan kòmansman pwosès lan.
𝗦𝘄𝗶𝘃 𝗽𝘄𝗲𝗻 𝘀𝗮 𝘆𝗼 𝗮𝘃𝗮𝗻 𝘄 𝗳è #𝗖𝗯𝗽𝗢𝗻𝗲:
1- Imèl ou tonbe? 2 bagay ki pi enpòtan ladan l, “approval notice” lan ak “Access code” lan.
2-Pliske ou resevwa “Notice” lan ak “Access Code” lan, ou lib pou kreye yon kont #USCIS nan systèm lan paske enfòmasyon w yo deja nan database.
3- Lè w kreye kont lan ale ”Add a case”, pa bliye nan bò gòch resi ki gen “approval la” wap jwenn nimewo resi an ki souvan kòmanse konsa ak “IOE”.
5- Aprè Add “Access Code” lan pou w kapab kontinye, kou w fini tou fè “Biometrics” lan , se la wap konfime ou te pran vaksen kont Covid-19 elatriye...
6- Koulye a pou ajoute timounn lan, ale tou dwat nan “Travel Group”, fè menm pwosès lan, itilize resi “IOE”, nimewo paspò, “A-Number” ki anba adwat nan menm resi a ki gen 9 chif aprè “A”.
7- Ou ajoute “Travel Group” lan ak siskè, koulye , swiv “screen” anba yo ale fè #CbpOne , pa bliye itilize menm kont ou an pou fè pou ou, pou fè pou timoun lan tou. Se menm pwosès lan menm si w te gen 2,3,6 moun wap ajoute nan “Travel Group”.
#𝐁𝐨𝐧𝐮𝐬: 𝐒𝐢 𝐰 𝐥𝐢 𝐩ò𝐬 𝐥𝐚 𝐛𝐲𝐞𝐧 , 𝐨𝐮 𝐩𝐚𝐩 𝐛𝐞𝐳𝐰𝐞𝐧 𝐩𝐞𝐲𝐞 $𝟏𝟓𝟎 𝐩𝐨𝐮 𝐲𝐨 𝐟è 𝐩𝐰𝐨𝐬è𝐬 𝐥𝐚𝐧 𝐩𝐨𝐮, 𝐩ò𝐬 𝐬𝐚 𝐚𝐩 𝐞𝐝𝐞 𝐰 “𝐒𝐚𝐯𝐞” 𝐤ò𝐛 𝐬𝐚.
𝐖𝐞𝐥𝐜𝐨𝐦𝐞 𝐭𝐨 🇺🇸 𝐠𝐮𝐲𝐬!
Ale swiv video a la: 👉https://t.co/gHSt35byRr