An 1974, majorite Ayisyen yo te sèlman ka reve prezan nan estad pou wè Ayiti nan Mondyal
An 2026, nou gen chans viv li.
Grendadye yo fè enposib la. Nou kalifye.
Kounye a se tou pa nou pou nou prezan.
🇭🇹❤️
Lè timoun 2000 yo ap fè dérive yo viral gad jan yon timoun 2000 ap sakaje lang Molyè a manzè ka met dam minis planifikasyon an chita pou l fe kou fransè pou li
⭕️ENFO | Nan yon videyo ki pibliye 1e janvye 2026, ki te gen ladann yon gwoup timoun ki fè pati ekip Thòy'Art la, mesaj la te klè : « tout otorite, madanm/mari, pitit otorite, DWE AP VIV NAN PEYI A, nan depatman oubyen komin li reprezante a ». Yon mesaj fò ki jwenn sipò anpil Ayisyen🇭🇹sou rezo sosyal yo. Entènot yo pataje li. Videyo a vin « viral ». Daprè Martine Phebé, tout moun konnen sou non Mètrès Thoy'Art, « lè responsab yo gen madanm/mari ak pitit yo nan peyi a, yap wè nesesite pou kreye bon kondisyon pou moun viv ». Yon veritab kanpay ki pwovoke gwo deba. Si majorite moun apiye lide a, gen sèten lòt ki pa fin dakò a 100%. Ansyen Senatè Sidès Edwin Zenny te menm fè yon entèvansyon pou te eksprime dezakò li parapò ak yon lide konsa, menm si li ta pral prezante eskiz li aprè. Kanpay la pran chè, Thoy'Art kontinye pouse, e defann lide a. « Pa gen batay san nanm ! », se slogan jèn fanm angaje sa a, ki fè apèl a tout atis, enfliyansè, pèsonalite piblik... pou sipòte mouvman an. Rapè Blaze-One, se premye atis ki reponn pozitivman, e menm gentan soti yon mizik sou sa | LSV