Lavi w antye sipoze yon sekrè.
Ou toujou dwe kite moun konnen sèlman sa ou chwazi pou yon moun konnen sa ou vle yo konnen. Konsa lè yon bagay ta soti ou deja konnen sa pap deranje w paske w te deja konn limit ou.
Si non lavi w pa sipoze yon liv ouvè kote nenpòt moun ka parèt, ouvri l nenpòt lè, epi li tout paj ladan l.
Gen bagay ki fèt pou rete prive.
Gen chapit moun pa bezwen konnen.
Gen silans ki pi fò pase eksplikasyon.
Se pa paske ou gen yon bagay wap kache non, men pito paske ou gen yon yon vi ki merite pwoteksyon.
Lèm gen pitit mwen yo pou m aprann yo
5 leson sa yo pou jis tan yo gran e konprann yo.
Don’t trust anyone
Don’t believe anyone
Check everything
Control everything
And if you’re not control, someone will control you👌
M wè gen kèk moun kap di <Oh yo pa pral vote Michel Joseph Martelly si l ta poze kandidati li a la prezidans> Kòmsi se nou menm pèp ki te konn mete moun sou pouvwa.
Vote pa vote se si blan an pa ta vle pou l pa ta ba ou l.
Mwen rekonesan pou chak moun Bondye mete sou wout mwen, pou tout moun ki renmen m, ki sipòte m, epi ki tolere m malgre enpèfeksyon mwen.
Mèsi pou sa❤️🙏
*APARTHEID* se kisa l ye?
Se te yon sistèm diskriminasyon rasyal ki te egziste nan Afrik di Sid. Sistèm sa a te separe moun selon koulè po yo epi li te bay moun blan plis dwa ak privilèj pase moun nwa yo. Moun nwa yo pa t gen menm dwa pou vote, viv, travay, ale lekòl, oswa deplase lib tankou moun blan yo.
Se poutèt sa anpil moun atravè lemond rayi apartheid, paske yo konsidere li kòm yon sistèm ki te enjis, ki t ap fè opresyon sou moun, epi ki te vyole dwa fondamantal moun.
Tout jèn parèy mwen ki an ayiti espesyalman nan kapital, fè atansayon veye kote n ap mete pye nou, aprann yon bagay pou nou fè kòb fè lespri pou nou travay, kreye yon bagay. Pa fè move zafè sonje ou gen fanmi wont se pou yo ak ou menm.
Mache sou 13 pou pa pile 14 !
Si m di w li, se paske m konnen li pap deranje m si yon jou m ta tande l nan lari. 🤷♀️ Sèl bagay m konnen ke se dènye bagay ou pral janm okouran de mwen.