Yon ti videyo tou kout pou ti gwoup k ap jije Vinicius pou yon rate kot Neuer fè yon sòti lejandè nan fason l bare ang lan…
Sa se Vinicius ki t ap asiste chouchou nou an🙂
Epi m vrèman ap di n sa mizik la ap di a🙂
🥊Moun kap Mande pou BAKY bif ak WENDYYY, se menm yo menm ki pwal vin twit << o mesye Bif la rive twò lwen >>Mouvman ti kriye,mouvman Pousi a m patap pwal nan men nou...
Bif pa janm rive twò lwen pou mwen depi se sou Beat li rete..
Chak nèg yo gen Tanperaman yo e moral yo chak yon Wotè..
Pa Mande yon Bagay,apre pou n al pran pòz Moralis nou‼️
🥊 Lè BigJim te soti "100 Fason" li te Kraze yon sit mizik,Lè sa anpil animatè Rap tèlman ap bay Bigjim chalè,yo te menm vle rantre Mizik la...Pandan ke Bigjim se vrè Tanperamanl li tap montre Fantom..
🥊 Izolan ak Fantom atake yonn lòt,nan voice ak Live sèlman,.Te gen anpil Moralis
🥊 Kenfs ak Def....Nou vin fè Moralis..
Konnya ki entansyon nou sou Wendyyy,yon nèg menm lèl pa pale nap chèche pitye sou Dol..
Gen Nèg Wendyyy bliye egzistans yo,malgre sa Wendyyy toumante yo,yo nan tout emisyon viktimize tèt sou Wendyyy..E si Wendyyy tap bif menm.
Baky entèlijan,Wendyyy pa give a F..
Chak Nèg yo vle Antame Bif la ak Rezon,yonn ka ap tann lòt vin dirèk..
Pou yonn jwenn Rezon sou lòt ..
2 Entèlijan..
Aksèpte clash la janl ye a,pa mande plis..Tann pwojè Rap Baky a pou Nouvo Shots yo...(Zam tout nèg chaje)
Fèm Konfyans,Jou yon Rapè kite Wendyyy fon diss Track dirèk sou li..
Temperature* kòl ap chanje‼️😀