Konsila ameriken nan Pòtoprens soti yon nòt ki fè konnen l ap mete kèk randevou disponib pou fasilite tout moun ki te aplike ki gen resi nan men yo ki sou wout pou ekspire pou yo ka pran randevou pou entèvyou. Lè anbasad la rekòmanse ak sèvis demann viza regilye yo, l ap fè tout sa k posib pou bay moun sa yo ki gen resi yo opòtinite pou modifye dat randevou yo si yo vle sa.
🇺🇸Pou premye trimès 2023, sou 44,760 demann azil ki depoze, se sèlman 7,547 ki apwouve, swa yon valè 16,86%. Selon chif @TheJusticeDept, sou 1,134 Ayisyen ki fè demann, se 94 sèlman ki bon, swa yon total 8%. Kiba, Ayiti, Honduras, Meksik, fè pati peyi ki gen mwens ka ki apwouve.