Pou yon lapè tout bon, fòk nasyon an rekonsilye ak tèt li. Elit yo dwe mande padon. Nou bezwen kounya yon dyalòg ak moun nou t toujou meprize yo. Eske n gen lòt chwa? Mwen, m pa kwè.
Kòman pou asasen ta ka pa ap fè lalwa, lè moun ki la pou fè respekte Lalwa ap tuipe lalwa. Ki kote pou n atake banditis k ap pran peyi a ? Ki relasyon ant bandi k ap fè lalwa anba ak swadizan otorite k ap tuipe lalwa anwo ?
Fon w lis moun ou dwe, wi, menm si w poko konn kijan ou pral peye yo. Fè lis la, epi panse a kòmanse pa sak pi piti a. Ti kal pa ti kal fonw plan pou peye li. Epi elimine dèt yo youn apre lòt, jan ou kapab. Esansyel la se konnen ou dwe travay, gon w plan, gen volonte pou peye
Bizaman depi yon sitwayen deside denonse nenpòt kalite koripsyon, li jwenn anpil moun di se paske li pa jwenn tou oswa paske li egri ki fè l ap denonse. Pou sa m konprann, yon bon pati nan peyi a pèdi tout sans sa ki byen ak sa ki mal.
Se bon moman pou nou fè yon bèl rale sou entegrite ak timoun nou epi sa ki bò kote nou.
Entegrite=Aji ak onètete epi respè. Rete fidèl ak bonjan valè moral epi pran desizyon ki jis la menm lè pa gen moun k ap gade. Entegrite se gen bonjan prensip epi respekte yo nenpòt sitiyasyon
Les USA coupent les visas de plusieurs ministres (présumés complices des gangs) mais les USA supportent le Premier Ministre qui a nommé et collabore avec ces mêmes ministres. Va comprendre la gymnastique!
@richardsenecal Tout lide m di m se blan ki voye nèg yo vin di pa gen lòt solisyon. Li parèt yon plan ki byen monte. Sa t ap etone m blan yo pa reponn apèl la 😔
For decades, the international community has been violating Haiti’s self-determination and sovereignty. That must end!
@Noupapdomiht#SitwayenPaDòmi#Ayiti
@jamy_ht 2- Nan tan pou l ka toujou disponib
3- fòk responsab yo al nan tèminal yo pou yo konnen chak kamyon ki chaje ki kote li prale. Y ap tou konnen ki ponp ki ta dwe gen gaz.
@jamy_ht Depi w pa jwenn li nan ponp, chak lè w bezwen gaz la, w ap oblije achte l byen chè atè. Sa vle di ogmante pri pa p rezoud anyen san kondisyon sa yo :
1- Volim kòmand yo dwe reponn ak bezwen mache a ( kounya fok Ou fè Etid pou w konnen bezwen an)
2- Kòmand lan dwe fèt nan...
@coachbenbens Petèt mo a men mouvman bloke a t toujou nan mouvman popilè a. Kounya m dakò avè w kote w di se moun yo ankò ki soufri lè zòn pa yo a bloke. Li lè pou moun yo sispann tann solisyon nan men dirijan ki pa kabap bay rezilta. Se yo menm ki pou chita reflechi pou yo ka jwenn solisyon
@SamuelSimonis Kounya gen yon kesyon pou n poze tou. Kot sa ki abitye fè gwo mwayèn tankou 8, 9 yo. Kisa ki eksplike se pa yo ki vin pwofesè malgre tout entèlijans yo genyen an?
Youn nan trajedi ki genyen nan politik pa bò isit se lè yon politisyen te fin kase kès Leta a, li sèvi ak menm kòb sa pou l fè kanpay nan espwa li ka vin rekase kou nou ankò.