Jou n ap gen pou n fè peyi, 🇭🇹
Majistra yo pap gen kòm sèl reflèks, pote boure sou ti komès ak mwayen antrepriz ki pran vil yo, komin yo, pou yo sèlman.
Majistra yo ap konprann, vann nan lari, sou twotwa pa yon pwoblèm ; men se pito fè lari ak twotwa a tounen mache sèlman an ki pwoblèm nan. Nan yon komin, pa gen machann sèlman ; gen lekòl, gen timoun, gen granmoun, gen andikape, gen transpò piblik la ak tout lòt kalite aktivite divès lòt sitwayen ki pa machann ap mennen. Li pa nòmal pou machann ak biznismann, pran komin nan pou yo sèlman. Men, se pa pou otan, pou reflèks otorite yo se ta kraze brize afè moun yo.
N ap viv nan yon peyi ki difisil anpil. Yon peyi Leta abandone pèp li. Yon peyi kote se manman pitit ki peye kay, lekòl, dlo, transpò, lopital ak tout sa k pèmèt lavi mache. Anvan w mete baton osnon pèl traktè sou degaje yon moun, fò w gen sa nan tèt ou. Fòk antank majistra ou mande tèt ou tou, ki sèvis Meri w ap dirije a bay sitwayen ki abite komin nan. Kraze brize zafè komèsan nan komin nan pa ka yon politik. Menm jan, konstui biznis ou sou kanal pa dwe jwenn tolerans.
Majistre ki eklere a ap gen sousi òganize lavi tout moun nan komin nan, yon fason pou dwa youn kòmanse kote pa lòt la fini. L ap itilize bon jan òganizasyon ak refleksyon, pou l pèmèt vil l ap dirije a rive fè fas ak dega kriz sosyal ak politik ki pa janm adrese a pwovoke nan komin pa li a.
Yon majistra ki pote yon pwojè nouvo p ap tonbe nan parès entèlektyèl ak mank imajinasyon, mank lide nèf, pou l ap repwodui menm konpòtman majistra ki te la depi ane 70 yo.
Yon majistra an 2026, dwe kapab òganize lavi nan komin ni an, san degrade lavi okenn moun nan komin nan : san voye yo nan chomaj, san detui sous revni yo.
Politik se tèt ak ponyèt ; se pa ponyèt san tèt.
Fò n pa fè chache lavi onètman yon kategori sosyal, tounen yon chatiman. Menm jan fò n pa kite chache lavi bay moun dwa pou detui lavi.
Pou lè n ap fè peyi.🇭🇹
En 1921, la France 🇫🇷 coloniale lance la construction du chemin de fer Congo-Océan entre Brazzaville 🇨🇬 et Pointe-Noire. Présenté comme un projet de progrès, ce chantier repose en réalité sur le travail forcé de dizaines de milliers d’Africains réquisitionnés contre leur gré.
Les conditions sont effroyables : épuisement, famine, maladies tropicales, mauvais traitements, accidents et absence de soins. Des familles sont séparées, des villages entiers sont privés de leurs hommes, et de nombreux travailleurs meurent loin de chez eux.
Lè n ap gen pou n fè peyi,
sof lapolis, Ponpye ak Anbilans k ap gen dwa pote sirèn. Tout enstans osnon pèsonalite ki gen bezwen pase a kote règ sikilasyon yo, ap oblije jistifye sa : ekri polis woutye (DCPR), pou mande yon machin polis ki gen sirèn, pou fè pasaj pou yo. Sinon, tout moun konfòme nou.
Ayiti se yon peyi, se pa jaden manman n.😏
Lè n ap gen pou n fè peyi, yon sitwayen 78 ane dwe mouri nan bra pitit ak pitit pitit li; pa anba plis pase 15 bal asasen, devan je Leta (wout Boudon: yon wout ki gen anviwon 7 pwen fiks @pnh_officiel sou li).
Aba enpinite !
Jistis pou fanmi Roger💔
Jisti pou Ayiti💔
Pwochen Space nou an ap fèt sou tèm
“Wòl Enpinite nan efondreman Leta ann Ayiti”
N ap envite nou vin brase lide epi patisipe nan diskisyon sa ak:
Ginette Chérubin
ak
Milostène Castin
@milostene
Moderatè: Joubert Joseph
@JoubertJoseph3
Kòmantatè: Dr Stéphane Michel
Madi 26 mai 2026 8è nan aswè
Sou kont X nou: @Noupapdomiht
Vin tande. Vin poze kesyon.
#SitwayenPaDòmi #noupapdòmi
@richardsenecal@JistisSosyal Wi, se yon repons ki pa gen okenn sans. Kèlkeswa moun ki komèt zak la; kit se mwen kit se yon lòt, li rete yon zak malonèt tout moun dwe konbat epi denonse.
Lè n ap gen pou fè peyi, chak fonksyonè pap gen kòtèj plizyè machin, pandan ti moun ap pran moto pou ale lekòl.
Ti resous ki genyen an dwe envesti nan sa k ap vini yo…nan lavni.💙❤️
@Jistissosyal
Ministè Kilti te anonse yon Konkou nasyonal jingle Mondyal 2026 la avèk pwomès yon pwosesis ouvè ak vote piblik. Finalman, tout bagay fini ak yon communiqué ki deklare concours la “infructueux”.
LIS OFISYÈL GRENADYE YO POU MONDYAL 2026
Yon pèp. Yon drapo. Yon rèv ki tounen reyalite.
Apre yon kalifikasyon istorik, Grenadye yo pare pou pote fyète Ayiti sou pi gwo sèn foutbòl mondyal la. Chak jwè sou lis sa a pote espwa, kouraj ak pasyon tout yon pèp.
Ayiti pare. 🇭🇹
Heureux, fier et honoré d’être convoqué dans la liste pour représenter Haïti à la Coupe du Monde.
C’est un moment d’histoire pour tout notre peuple, et c’est un privilège de pouvoir y prendre part.
À nous de vous rendre fiers, mais grâce à votre soutien nous y arriverons j’en suis certain. Car l’union fait la force.
Grenadye Alaso 🇭🇹
Wilson
Enben se la menm blòf la dwe tonbe...Si pèp la pa wè tèt li nan pati yo, kiyès pati yo reprezante? Pati yo dwe al file sitwayen yo pou di yo men ki solisyon yo gen pou pwoblèm l ap viv yo. Si KEP yo kontinye aksepte tout delenkan ka gen pati, depi l ka fè dokiman ki nesesè yo; travay dyalòg ant sitwayen yo ak pati yo pap janm fèt...pap janm gen veritab pati, sitwayen yo ap toujou rete an grenn 5 ap tann yon Mesi/sovè; e n ap toujou pran nań ti blofè...
Sou plis pase 4 milyon moun ki gen laj pou vote, pi piti moun KEP a ta dwe egzije yon pati politik pou l patisipe nan eleksyon se 300.000 moun.
Koze chak biznisman gen 20 pati politik ;
chak nèg ki te eli osnon nome nan Leta (ki vin rich toudenkou nan dwèt long), gen 10 pati politik la, fè pati dezòd ki dwe sispann nan peyi a.
Jou n ap fè peyi🇭🇹
Jan Nèg ak fanm isit fè politik, pa rezoud pwoblèm malsite a, okontrè li kreye plis malsite, e malsite sa patisipe nan kreye vyolans. Alèkile anvi soti nan malsite sa tounen yon goumen chak koukouy klere pou pwòp je l, ki fè tout moun kwè yo ka fè tout bagay pou soti tèt pa yo. Kounya, tout bagay banalize, tout bagay enpòtan ak estratejik redui ak mekanis chache manje. Epi n ap vire an won; n ap badijonnen ...