Kreyòl pale, Kreyòl konprann!
Yon sèl lang, yon sèl kè: kote w jwenn Ayisyen, w ap jwenn Kreyòl. Se fason zanmitay ayisyen machande nan mache a. Se pwovèb granpè repete lè nap manje sou tab, epi ki fè nou ri lè nap tire kont Krik? Krak!, ak mizik konpa k ap jwe yon dimanch aprèmidi.
Soti Jakmèl rive Miami, soti Okap rive Monreyal, Kreyòl pote Ayiti avè l tout kote l ale. Kèlkeswa kote w tande l, ou santi w lakay ou. Mwa oktòb sila a, n ap selebre Kreyòl avèk nou jouk rive Jounen Entènasyonal Kreyòl la, nan dat 28 oktòb. Kòmanse depi kounyè a : ki pwovèb ki fè w toujou sonje lakay ?