Avocat🔸Certified Risk and Compliance Management Professional🔸Rule of Law Specialist🔸Legum Magister🔸Owner of P-Lex LLC🔸Law addict🔸Project Evaluator🔸Father
Neg la lòtbò li wèm ap manje ti mayi ak fèy,li mandem kijanm fè manje manje lou sa maten.Pou li se ti Œufs battus à la poêle,Bacon,pancakes poum dejene.Konbyen Ayisyen ki se pa spaghetti,mayi,bannann,lam,ble kite manje nou anvann al lekòl?Kòm Ou divòse ak lou a Wa mouri an dènye
Gen jwè ki kontribye pou mennen nou nan koup dimond ki pap jwe koup dimond. Se lavi.Nan preparasyon yo depiw fèb ou pap ka la. Se ak pi bon yo nou pwale,e nou dwe mache chèche bon grenn yo nan tout kwen latè. NOU BEZWEN CHANPYON NOU PA KA NAN SANTIMAN ! GRENADYE ALASO💪🏾
Ayiti nan batay aswè a pou kalifikasyon li pou Koup dimond 2026 la . Grenadye Alaso … nan mondyal sa final la se antr manman ak bèlmè lap ye ( 🇭🇹Ayiti- 🇦🇷Ajantin) 😁. 8 è boul nou pwal plen pip Nikaragwa. 🇭🇹🇭🇹🇭🇹
Anpil diaspora panse Ayisyen ki Ayiti pap viv. Yo toujou etone lè yo wè jan moun yo bel, yo fre, yo anfòm malgre difikillte yo. Si nap gade kisa ki lavi nan globalite li Ayiti gen vi ke kote’w ye a tande diaspopo. Siw kwèm manti gad medam Ayiti yo nan pwogram yo .Bagay klas nèt!
Se pa depòte a ki pwoblèm nan men se kijanw pwal fonksyone siw pat janm voye kreye anyen Ayiti,siw pat menm posede yon ti kabrit nan kòd,si lèw te nan peyi blan an ou te panse’w fin rive. DEPI SE AYISYEN OU YE YO KA DEPÒTEW YON JOU,SIW PA VOYE FÈ YON BAGAY ISI POU SIZANKA ZAFÈ’W.
Yon kesyon:Lè medam yo mete Lace , alonj ou lòt cheve pou 2 mwa , kòman yo jere sa ? 2 mwa san dlo 😂? e chalè a mezanmi? Malgre sa pifò nan medam m wè yo cheve a santi bon, eske yo fè yon maji oubyen yo gen yon baygon espesyal pou sa? ANTOUKA MEDAM YO SOUFRI ANPIL POU YO BELLE.
M pa konn si se sel mwen ki wè sa m wè tout medam ki met lace yo gen menm fòm ti danfans la devan tet yo, yo tout sanble eske sa pa ka chanje? kòmsi m wè anpil nan medam ki refè dèyè yo gen menm fòm tou .
Se pa anyen m gen ak medam yo non men eske yo pa ka fè yo différemment ?
Desizyon Prezidan Trump pran pou entèdi vwayaj soti nan kèk peyi pami yo Ayiti se pa yon desizyon pou revoke ni visa , ni rezidans resòtisan peyi sa yo. Depi’w te gen visa ki valid deja , ou gen rezidans ou pa konsène pa desizyon sa .
Nèg yo fè pwojè konstitisyon yo yo kite pòs andeyò yo pou diaspora , men pòs lavil yo diaspora pa ladanl . Tankou diaspora a ka majistra , gouvènè depatmsntal , men pou li depite senatè prezidan se yon bann koze. Mesye korije betiz sa , tout Ayisyen se Ayisyen .