Premye kesyon jij imigrasyon an poze w se poukisa w pa t relokalize w nan peyi w.
Pouki m pa t refijye m Pestel si m santi lavi m menase Pòtoprens?
Wout bloke, men w al chèche yanm panyòl sou Wharf Jeremi?
Lè l fin gad may ou, li fè w demaske w devan l.
@Kavalyepierre@Alafolixxx Antouka kowabitasyon an fèt san lese frape, si w gad Labalèn Fondèblan kot segregasyon an pi pwononse. Mekanis nan se distans soyal yo kenbe a. Yo pa frekante espas pou ta chita sou menm ban ak lòt ras, tankou nan kamyonèt, nan klas, nan kafeterya. Se konsa yo kenbe chen sèl ras.
G on zanmi blan ki t ap kondwi nan sid 🇺🇸 avè m, gen yon kote l rive, li di m li pa p ka fè wout sa avè m paske gen yon pano ki ekri nèg nwè pa kite fènwa pran w la. Sid la chaje moun edike, men gen ansyen rejim toutotan yo pa eradike, yon nèg nwè dwe pridan kote w ap met pye w.
@RopeandStools@RoyIsThaTruth So true, I live in a country with only black people and we got shot by thousands. It's not a question of skin color but lack of education. But you cannot dismiss racism that is still a motive for crime.
@Kavalyepierre@Alafolixxx Gen ti pale wi, men se radyo dyòl k ap ba w istwa ayisyen rasis ki pa vle mouch tonbe nan lèt yo. G on papa ki te touye pitit fi po jòn li pou l pa gate laras paske l pa t vle kite ak nèg nwè l. Kèk reyisi fè l vre paske m ap gad fèt yo sou TikTok, sèl fènwa a ki nwè nan sèn nan.
Se pa fòt ajantin si abit la fanatik li tou.
Men match la lèd lè menm abit pou ou.
Si m ka wè ajantin pa pran pyès katon malgre yon jwè l fout yon lòt yon kalòt.
football is beautiful because of nights like these. a nation playing its first world cup ever not fearing the defending champions and taking them to extra time. we love you cape verde🇨🇻
@Tiluco1 M dakò avè w. Yon moun sot eskplike m chanjman yo, m pa t reyalize se tout jwè ki te sou gòl yo misye te desann alòske se nou k t ap mennen. Li klè misye vann match la. Epi Isidor abitye jwe full time nan club li kidonk fatig m te sispèk la pa kenbe. Gen twòp mafya nan football.
@_Jetry_ Se defo fransè sa, yo pèsimis lè yo rete. Li fè fòfè a twò bonè. Te ret ase tan pou l fin jwe match la. Genlè depi sou premye egalizasyon an li dekouraje podyab jan l te boude a. Motivasyon an se pwen fèb tout ekip la. Nan 3 match yo, depi y ap mennen sou nou, nou tou pa sou jwe.