🚨Depi 1:00 AM, jodi lendi a, kout zam ap chante nan zòn Turgeau, Pacot, Debussy jiska Kanapevè. Selon enfòmasyon Radyo Karayib rapòte, se gang ak zam kap eseye pran kontwòl zòn sa yo. Plizyè kay boule. Bandi yo mete yon gwo bis an kwa nan wout la. Abitan yo mande sekou Lapolis.
🆘️🆘️🆘️ Mezanmi ‼️‼️
Li gentan 4h16 nan maten, savledi plis pase 1 nèdtan tire yo pa sispann, gwo kout zam kontinye ap chante. Kout bal fè mikalaw...
Enkyetid yo anpil, nou nan laperèz ❗️
Zòn Kanapevè, Tijo, Lagwòt, e ozanviwon, moun paka dòmi ankò.
🆘️🆘️🆘️
🆘️🆘️🆘️Diffeeee💥💥💥💥
4h33 AM..Bagay la chanje Faz...
Anplis tire, gwo kou bal, se dife💥💥 kounya k ap mete nan site Gabriel (Tijo anwo Lagwòt). Moun nan zòn nan pa konn ki sen pou yo rele. Gen nan yo k ap kouri kite kay yo pou kounya.
N ap raple w, tire yo pa sispann !