Anpil nan nou grandi avek layènn nan anvironman nou. Li koz nou pa lache kè nou pou nou viv lavi ak tout sa li ofri. Defwa nou pran pou aki moun ki ofri nou kè’l epi pi Devan reyalize ke se moun sa ki tap pote vrè bonè a.
Se ke koulèv la ki te koupe, se pat janm tèt li, Lap kontinye wout li. Menm ti koulèv madlèn kite kache mete tet yo deyò. Mpa kache diw se pa 2 koulè mpa wè.
Se yon SISTÈM ki ka ranplase yon SISTÈM. Menm lè Sa ki te la tonbe l’ap rekanpe, paske nou pa gen yonn pou ranplasel. Nou pap janm jwenn bon Jan solisyon, si se moun ki kreye problem lan ke nou bay jerel.
Pafwa, difikilte lavi ak kèk chanjman konn mande ke nou pran Poz oubyen sispann kek pwojè ou relasyon. Men, sa pouw sonje pa janm pran poze oubyen sispann bagay sa yo SANTEW,EDIKASYON ak RESPONSABLITEW #GRANNEG#GRANKILTI
Tout moun kap viv sou tè a gen difikilte. Souvan, souri ou wè nan foto a disparèt tou swit aprè ti son klèp la. Pa gade on foto epi espere gen menm vi ak moun ki sou foto a.
Gen sa kap pale de ou,Gen kap diw Fè saw pa Janm Konn fè,Fanm ap goumen pou posedew, Zanmi ap relew rakonte pawol sou lot, Tout se paskew Vivan,an Sante jou ou nan problem wap konn sa ki reyel ak ou yo. Li difisil pou Kèk moun, men Aprann priyorize tèt ou
Pa janm itilize on sekrè ou konnen de on zanmi oubyen fanmi kom jouman kont li. Menm si li ta verite. Li pap janm padonew. Menm si lap ri avew li pa bliyel
Pataje lanmou,pataje lajwa Nan antouraj ou. Men yon sel bagay pa kite santiman solitid fèw bese gad. Se veye yap veyew Pou yo fè menm bagay la. kenbe karaktèw zanmim