👑 Nouvo non. Nouvo chapit.
Men 6 pwen ki make semèn sa an Ayiti.
Nan epizòd sa:
⚖️ Enfliyansèz TikTok “Ti Kreyòl Dyab” anba kòd
🗳️ Premye Minis la enskri pou vote + KEP pibliye lis 18 gwoupman politik yo
🚔 🔫 Tansyon nan Kenskòf kote polisye yo fè fas ak atak Teworis
🚁 Fòs Represyon Gang yo debake nan Latibonit
🇺🇸 TPS pou Ayisyen yo rive nan fen li Ozetazini
👮🏽 Direktè Jeneral PNH la fè pye sòl nan Dèlma
Mèsi paskew swiv travay nou chak semèn. Mèsi paske w pataje. 🙏🏽💕
Prezantasyon: @SandinaNDepas
#PRINCETV
📍Gresye • TEWORIS TIRE SOU MAJISTRA BERTHO CASSÉUS
Jodi 12 dawout 2026 la, yon gwoup TEWORIS ki pote non “103 Zonbi” louvri katouch sou Majistra Bertho Casséus pandan li te al vizite travay netwayaj Meri Gresye a nan zòn Santo.
Tire a fèt nan moman Majistra a ak ekip li ta pral kite espas la.
#PrinceTV
📍FonPrens • Jistis • Arestasyon • Rezo Sosyal
Yon Tiktokè Anba Kòd Pou Vyòl
Tiktokè yo pa manke pa fè pale de yo jou sa yo, se arestasyon sou arestasyon!
Lapolis nan Sidès mare Moustapha Gérôme ke anpil moun sou TikTok konnen sou non “Mous Kèm Pwòp” ayè madi 11 Dawout 2026 la pou KADEJAK.
Moustapha Gerome ki gen 110 mil moun kap swiv li sou TIKTOK te kite ayiti nan pwogram imanitè a (BIDEN) epi li te chwazi retounen Ayiti.
Dapre temwayaj viktim nan, li antre lakay Moustapha Gérôme jou ki te 3 dawout 2026 la poul vann li machandiz. Moustapha fèmen pòt sou li,li kenbel kont volontel epi li fè sèks avèl.Pandan zak la Moustapha bay viktim nan gwo presyon poul pa rele anmwey pou moun vinn sovel.
Aprè krim nan, viktim nan te depoze plent nan Biwo VGB (Violences Basées sur le Genre) ki li menm mennen ankèt sou dosye a.
Se rezilta ankèt sa ki pèmèt Lapolis lokalize epi arete Moustapha Gerome 8 jou apre krim nan.

📍Kap Ayisyen • Eleksyon • Dominque Dupuy Enskri Poul Kapab Vote
Ansyen Minis Afè Etranjè a , Dominique Dupuy te lakay li nan vil Kap Ayisyen pou li antre non li nan rejis elektoral la pou li kapab ranpli devwa sivik li nan eleksyon ki gen pou fèt an desanm kap vini la.
Ansyen Minis la te gen on foul moun ki vinn enskri avèl, li te pwofite pale ak kèk jounalis ki te sou plas.
Kilti • Miss World •
Marie Kemlyne Lestalie ki te kouwone Miss Ayiti nan dat 7 Jen ki sot pase a rive nan peyi Vyetnam ayè madi 11 dawout la pou reprezante Ayiti nan 75èm edisyon Miss World la.
Konpetisyon an ap kòmanse jodia mèkredi a sou plaj Halong Marina, kote kandida ki soti nan plizyè peyi nan mond lan pral patisipe.
Reprezantan Ayiti a di li pare pou pote koulè peyi a ak detèminasyon sou sèn entènasyonal la.
Nap swete li siksè!
📍Leyogàn • Ensolit • Yon Elikoptè Entèwonp Yon Match Foutbòl
Mondyal 2026 la te aprann nou konsèp “poz frechè” a, pa bò isit an Ayiti nou gen “poz aterisaj la”. Konsèp la senp:
Elikopte ap apwoche,tout jwè desann teren. Epi se fini wi! 🌚
#PrinceTV
📣📣📣 UPDATE: Plizyè dizèn chofè moto 3 wou kap travay Petyonvil òganize yon mouvman pwotestasyon jodi madi 11 dawout la kont desizyon meri Petyonvil pran pou moto 3 wou yo pa sikile nan sant vil komin lan.
🎥:Radio Tele Ginen
📍Petyonvil • Moto 3 Wou Pap Ka Sikile Nan Santvil La.
Majistra Petyonvil la, Marie Geralda Nelson anonse yon nouvo mezi kote meri a pran dispozisyon pou entèdi sikilasyon moto 3 wou nan sant vil la .
Mezi sa antre nan kad dispozisyon meri a ap pran pou regile sikilasyon an epi bay Petyonvil yon lòt vizaj .