Économiste de formation ,
commis administratif au (PNH) ,
Fuel Inspector RFS/Digicel , Administrateur au bureau du (PNCS) programme national cantine scoaire.
Chèf Gang Mikanò leve yon maten li masakre 300 inosan waf Jeremi. Kriminèl yo fè plis pase 5 Masak Latibonit,yo touye plizyè milye inosan.Aprè krim sa yo,gen Tiktokè ak enfliyansè kap mande rekonsilyasyon ak GANG yo.Pozisyon nou klè depi 4 lane. Pa gen Dyalòg ak GANG Kriminèl.
Clous de girofle + Citron
Purifie le corps
Clous de girofle + miel: Renforce l'immunité
Clous de girofle + gingembre: Stimule le métabolisme
Clous de girofle + curcuma: Réduit le stress
Clou de girofle + huile d'olive: Détend les muscles
Clous de girofle + Cannelle: Stimule l'énergie... voir plus
Pwogram envite semèn 1e a 5 septanm 2025. 8 è boul nan maten sou RSF/TSF 92.3 FM (deklasyon yo, pwomès yo, bilan yo apre):
Lendi, PM Alix Fils-Aimé. Madi, Moïse Jean-Charles. Mèkredi, Laurent Saint-Cyr. Jedi, Mario Andrésol. Vandredi, DG OAVCT.
Y ap dòmi sou nou lontan! #earth1
DHS ofisyèlman mete fen nan TPS pou Ayiti. Yo pibliye desizyon sa nan Federal Register (FRN 2025-12224), sa ki fè l vin ofisyèl.
Mwen pral eksplike agiman DHS mete nan nòt ofisyèl la pou jistifye desizyon yo pran pou mete fen nan TPS la. M ap detaye rezon yo bay, baz legal yo itilize, ak kisa sa vle di pou kominote a :
1) DHS estime ke kondisyon ki te lakòz TPS pou Ayiti te deziye pa egziste ankò (tankou dezas natirèl)
DHS, Depatman Deta ak lòt ajans entèlijans nan gouvènman an fè konnen yo rive a konklizyon ke kondisyon ki te jistifye TPS pou Ayiti pa egziste ankò selon lalwa. En rezime yo di depi nan lane 2018 yo te fè tout moun konnen yo pwojte kanpe TPS la epi prepare pou retounen lakay. Men, se Sekretè Mayorkas ki te re-designe Ayiti ankò pou TPS kòmanse 3 out 2021, toujou baze sou kondisyon tanporè ak difisil ke yo menm twouve jodia kriz politik, sosyal, ak ekonomik Ayiti ap fè fas jodi a se bagay ki vin nòmal, li pa tanporè ankò, e li egzije lòt solisyon pa TPS.
2) Prezidan Trump te bay lòd pou yo fè yon analiz sou peyi ki pa bay ase enfòmasyon sekirite oswa pa gen bon sistèm idantifikasyon epi te pibliye yon òd egzekitif ki vize pwoteje ameriken kont envazyon
Daprè rapò analiz sa , Ayiti se youn nan peyi sa yo ki pa gen ase kapasite pou verifye idantite oswa pataje enfòmasyon ak Etazini sou citoyen ki yo. Dapre prezidan an li di ke lè sa rive epi gen twòp moun kap eseye antre, sitou sou fwontyè yo, sistèm verifikasyon sekirite peyi a ka vin depase oswa pa efikas. Lè sa rive, li vin difisil pou otorite federal yo verifye si yon moun reprezante yon danje pou sekirite piblik oswa nasyonal. Sa mete sekirite peyi a plis an danje, dapre sa FRN nan di.
3) Agiman DHS sou migrasyon Ayisyen en jeneral
Border Patrol rapòte yon ogmantasyon chak ane nan kantite Ayisyen yo kenbe sou fwontyè a. Plis pase 56,596 nan ane fiskal 2022, 163,781 nan 2023 epi 220,798 nan 2024. Yo di soti 2019 pou rive 2021, Ayisyen yo se nasyonalite ki plis travèse zòn danjere Darién Gap ant Colombie ak Panama epi fè pati 3 premye gwoup imigran ki plis ap eseye antre Etazini nan ane 2022 ak 2023 akoz de mòd pwogram tankou TPS ki atire yo. Yo di sa lakoz anpil ayisyen pran wout fwontyè a paske yo konnen yap jwenn estati sa ki fè yo panse li fasil anpil pou migre Etazini. Yo di TPS ankouraje mòd travèse danjere sa yo
4) Sekirite nasyonal en Ayiti ak Vyolans
Dapre DHS, gen kèk Ayisyen ki sou TPS ki te sibi envestigasyon administratif pou fwod, sekirite piblik, oswa sekirite nasyonal. Sa fè yo kwè ke TPS pou Ayiti pa en akò ak enterè Etazini ankò. Yo di gwoup ame en Ayiti kontinye simen laperèz paske pa gen gouvènman solid ki ka kontwole yo. Yon rapò Kongrè te eksplike ke gwoup sa yo gen koneksyon ak elit politik, Yo kontwole teritwa ak mache ilegal. Sitiyasyon sa a vin pi mal apre asasina Prezidan Jovenel Moïse nan lane 2021.
Kidonk gouvènman Ameriken di mank kontwòl gouvènman Ayisyen lakoz plis danje pou sekirite piblik Ozetazini. Yo rapòte ke kèk manm gwoup ame ayisyen antre Etazini epi komèt krim grav. Yo bay egzanp an janvye 2025, ICE arete Wistegeuns Jean Quely Charles, yon manm gwoup ame ayisyen dapre yo, ki te kondane pou plis pase 17 krim tankou trafik dwòg, posesyon zam, agresyon, elatriye. Yo mete aksan sou lòt faktè Ki ogmante risk yo tankou plizyè prizon ki kraze epi otorite yo ki pa arive kaptiee evade yo epi pa konn kote yo ye.
Kidonk pou DHS ak gouvènman an, mete fen nan TPS lan akoz rezon sa yo se yon fason pou mete sekirite ak enterè ameriken avan. 🧵👇🏾
Le pire dans tout cela, c'est qu'il n'y a ni cause, ni raison;
C'est comme en #Haiti , cette destruction n'a ni motif ni sentiment;
Qu'est ce qui est en train de passer ???
Le pire dans tout cela, c'est qu'il n'y a ni cause, ni raison;
C'est comme en #Haiti , cette destruction n'a ni motif ni sentiment;
Qu'est ce qui est en train de passer ???
@carelpedre Mon cher sucredo cacarel se normal pou ta vle kanaval la al fèt pito wanament paske se la ki gen massissi pareil ou yo ti visye bouda manba