Yon ti videyo ki pale sou travay mwen fè kòm pwofesyonèl. Pami tout aktivite mwen antreprann depi 15 lane, m fyè anpil paske m se yon anseyan. E m tou pwofite salye plizyè dizèn milye anseyan ki ap fè sakrifis nan tout peyi a chak jou. 🎥: @Marco_Azed
Si pèsonn pa bat bravo pou ou jodi a, kontinye kanmenm.
Gen travay ki bezwen fèt anvan moun kòmanse wè rezilta yo.
• Kontinye aprann.
• Kontinye bati.
• Kontinye amelyore.
• Kontinye pran swen tèt ou.
• Kontinye travay sou objektif ou.
Pa mezire tout pwogrè w ak kantite moun ki renmen sa w ap fè a.
Gen grenn ki grandi anba tè lontan anvan li parèt anlè.