Bro to bro
Kèlkeswa moun ou gen nan menw
Ki rive nan nivo nenpòt ti bagay ou wè lap diw fè saw vle, ou met kwèm gen on plan, e se paske l mare pou l fèl ki fè li ta renmenw fè e si w te ka fèl se tap pi bon bagay pou li.
Okenn moun ki a yon moman te chwazi goumen kont sistèm sanginè sa pa merite sa wap fè a! Sitou lè nou sonje gen moun ki kite po yo nan demach sa… Pran imaj yon moun pou aselel pap janm pi bon mwayen poun konstwi demen. Se pa yon moun ki merite sa wap fè a la! Mwen swete w konsyan ke sa kapab anpeche lòt jèn enplike yo nan konba pou demen miyò a.
Amikalman 🫱🏻🫲🏾
M panse Remak @KimHaiti93 fè sou kesyon Ayisyen pa ta dwe fans Real Madrid sou sa kap pase Vinicius lan
Se Menm remak sa kixta sipoze fèt pou Ayisyen ki dèyè Inter Miami
E menm plus menm paske saa se on Ayisyen menm yap betize
Dayè Vini pa Ayisyen
M panse anpil nan nou tou nou pa réfléchi
Jovenel fè 4ans nan mandat l la
A aucun moment depui lèl fin élu soti depui nan pa rekonèt se li ki élu jis rive nan mandel bay pouvait se on 4 ans bouleversé San poz, palmantè ak boycott ,M panse ke si yo te kite misye an pè nou patap..
Nou fin pa konn kijan pou n chwazi dirijan epi nou pa konn kijan pou n evalye dirijan.
Sak pi grav la anpil dyaspora pi mal sou pwen sa a ke sila yo kap viv Ayiti
Mande Mon Gars nan peyi kote l ap viv la lè y ap evalye reyalizasyon yon otorite nan domèn enfrastrikti wout eske se yon aksyon dirijan an te poze nan domèn wout la yo pran oubyen se ki kantite kilomèt wout li reyalize yo pran ?
( Dayè koze asfat la map gen pou m tounen sou li paske gen yon gwo manti sou li)
- Lè nou nan domèn kouran olye pou nou di ki kantite megawat ki disponib, nou just di prezidan an te enstale 2 motè
- Nan domèn agrikilti olye pou nou di konbyen moun ki soti nan ensekirite alimantè oubyen ki nivo pwodiksyon agrikòl peyi a ogmante, nou just di prezidan an te achte 2 motokiltè
- Nan domèn sante olye nou di ki kantite moun ki vin gen aksè ak swen sante nou just di prezidan an te fè 5 klinik mobil
Nou mèt fè 50 an ap viv lòtbò nou pa tire okenn leson.
Donk alafen se vag pou yo ba nou.