Harmonik viktim nan Canada
Nan yon aktivite ki te pote non « Day Party», dimanch 26 avril la, Harmonik te viktim yon atak anba men endividi ki poko idantifye. Selon plizyè temwen, malfra yo ta lanse gaz lakrimojèn anndan klèb la, sa ki lakoz gwo panik nan mitan fanatik yo ansanm ak manm gwoup la.
Ensidan sa a ta rive nan yon kontèks tansyon aprè separasyon yo ak ansyen reprezantan yo nan Canada, dapre enfòmasyon kèk pwòch jazz la fè konnen.
N ap note, pou kounya tout mizisyen Harmonik yo anfòm.