😎Jodia sa mwen te konn toujou ap di nou yo rive nou sou, anpil woulo papye gaspiye. Anpil manje rete sou tab poutan mesaj la preske yon repetisyon nou te konn tande men ki pat janm fè twop buzz. Poum reprann pòs avan men sou kisa mesaj la fokis: If you have been in the U.S. for less than two years or missed the asylum filing deadline, you may be prioritized for expedited removal unless specific exceptions apply.
Koulye a men sa pou nou fe pou nou evite buzz:
Don’t Take the Bait: Moun ki fè "buzz" souvan poste bagay ki chokan oswa pwovokan pou fè w reyaji. Pa kite yo pran w nan pwovokasyon yo. Rete kalm epi evite reponn avèk emosyon. Silans pafwa pi fò pase reyaksyon.
Focus on Value: Pase tan w ap suiv moun oswa kont ki pataje kontni edikatif, enspire, oswa enfòmatif. Neglije moun ki poste sèlman pou jwenn "like," kòmantè, oswa fè bri sou rezo yo.
Limit Your Exposure: Ajiste feed ou ak notifikasyon w pou filtre kont ki sanble ap kreye dram oswa bri initil. Bouton "unfollow" oswa "mute" kapab yon bon zanmi pou ou. tande Bwa!
Avoid Oversharing: Pwoteje vi prive w lè w pa revele twòp enfòmasyon pèsonèl sou rezo yo. Moun ki fè "buzz" yo ka sèvi ak detay sansib sa yo pou fè w vin yon pati nan kontni yo.
Be Intentional With Engagement: Angaje w sèlman ak kont ki gen menm objektif, valè, oswa enterè avè w. Sipòte enfliyansè pozitif yo pou kreye yon espas ki an sante pou ou.
Stay True to Your Values: Pa kite presyon tandans oswa pòs viral fòse w imite konpòtman ki pa aliman ak prensip ou yo. Popilarite pasajè, men entegrite dire pou toutan. Pa bliye mwen te toujou di nou gen moun se bri ki te fè yo ale Canada se aprè yo reyalize sa yo tounen ,sa se pase sou premye manda.
Practice Digital Detox: Pran ti repo regilyèman sou rezo sosyal yo pou rasanble tèt ou epi konsantre sou sa ki vrèman enpòtan.
Buzz is Temporary: Buzz la pase vit, men lapè lespri ak kredibilite w gen anpil valè. Fè bon chwa kote w mete enèji w! Gade pou we avek plis detay nap we pat gen gwo chanjman epi nou te deja konnen parole pap renouvle mete sou sa, anpil nan nou pa fonksyone sou pawol selman, anpil nan nou gen TPS, fe Azil kidonk pou nou ta enkyete fok tout 3 pwogram sa yo ta kanpe. An pasan, si nou bezwen update ki byen kalkile kontinye swiv mwen epi pran sevis @web509_llc .
#Immigration
Immigration: Anpil moun pèdi randevou anpwent yo, randevou tribinal yo paske yo pat chanje adrès yo sou USCIS oubyen nan "Immigration Court" avan yo kite adrès yo te ye avan. Si tout fwa ou chanje adrès, pran san w li tweet sa paske lap ede ou anpil.
Pou w pa pèdi mail, kat travay, dokiman enpòtab oubyen randevou "immigration court" premye bagay ou dwe fè se chanje adrès ou sou #USCIS, #EIOR oubyen #BIA sa depann de kote ou wap veye dokiman. Ou pa dwe pran tan pou w fè sa, li plis konseye pou menm fè l avan w kite adrès avan.
Pou #USCIS li fasil, ou pa bezwen peye pou fè sa, ale sou lyen sa https://t.co/rMSmme2Hte kidonk ou pa bezwen ale pèdi tan pou fil fom AR-11 nonplis. Monte sou kont USCIS ou fè sa pou kont ou, epi save $50 sa.
Poutan pou yon moun ki pase fwontyè Meksik epi ki chanje adrès, ki pa rete kote li te rete avan oubyen si li chanje State, pwoseès lan diferan la. Pou m klè ak nou, se nan adrès ou te bay avan randevou "Court" ou ye, kidonk li enpotan pou chanje adrès ou epi enfome Executive Office for Immigration Review (EIOR), fok Immigration and Customs Enforcement's (ICE) konnen sa ak Board of Immigration Appeals , yo tout dwe konnen chanjman sa.
Si tout pwosès sa pa fèt byen ou riske pèdi randevou tribinal ou paske distans lan oubyen nan yon lòt State. Epi li tre sansib, si w pedi randevou "COURT" jij lan kapab mete w sou "Removal Proceeding".
Pou m klè ak nou, pwosès sa pa fasil, si w pa konnen koman pou fè l mwen konseye ou jwenn avoka w oubyen yon biwo ki kapab ede ou paske fòk ou enfòme chanjman sa yo nan biwo anlè yo.
Pou plis èd ak detay, @web509_llc kapab ba w plis detay, epi pou konnen kèk teknik ki ap ede ou "save " lajan swiv channel sa, tips sa yo gratis: https://t.co/hYFNjSFrCB
Ou twouve enfomasyon sa yo itil? Pataje ak yon lòt. Mesi
#eoir #bia #uscis