Yon zanmi mandem, poukisa vire tounen gen tansyon nan peyi a? M di l paske otorite yo kite majorite moun nan kras, san manje, san edikasyon, san travay, san lasante, san sekirite pandan yon ti gwoup ap byen pase. Yo trete ayisyen yo tankou bèt epi yo espere yo aji tankou moun🤷🏿♂️.
Mwen wè sa politik fè elèv pase an 87 pou granmesi. Pa al lekòl, pa al konpoze, pa aprann, paka solisyon pou yon peyi k ap depafini. Fè timoun peye pou move zak granmoun paka yon solisyon nan ekenn batay. Maladi a grav, remèd la pa do touye malad la pi vit. Abraam pat touye Isaak