Ti moso Listwa
Pou anpil moun, Bwa Kayiman se te yon seremoni Vodou. Pou anpil lòt, se te yon rasanbleman politik. Depi la a, anpil chire pit fèt. Nan sa nou wè, nan sa nou konprann, tou 2 gwoup yo gen rezon. Si n ap konsidere fon evenman an, se yon rasanbleman politik. Men ki kouvri avèk yon dra seremoni Vodou.
Objektif rankont la, se te kase chèn esklavaj la nan pye plis pase 500 mil esklav ki t ap kwoupi anba mechanste kolon yo. Men kòm nan moman sa a depi 3 esklav te reyini ap pale yo te merite mouri paske kolon yo te deside se konplo k ap pare, esklav yo te oblije òganize yon seremoni Vodou, kote y ap bat tanbou pou bay loa yo glwa, youn nan rare “loisir” ke yo te konn pèmèt tèt yo.
Seremoni Bwa Kayiman an fèt nan zòn Cap- Français ki Cap-Haitien jodi an, nan renyen abitasyon Turpin ak abitasyon Lenormand de Mézy nan Morne Rouge.
Nan rasanbleman sa a te genyen anpil gwo lidè, chèf rebèl nan kan esklav la. Genyen ki te sòti nan bwa kote yo te kache pou vini patisipe. Nou ka site: Toussaint Bréda, ki potko Louverture, Jean-Jacques Dessalines, Jean-François Papillon, Sanite Belair, Georges Biassou, Marie Jeanne, Jeannot Bullet…
Se Bookman Dutty ki te wougan ki t ap dirije seremoni an. Bookman se te yon sitwayen ke kolon te achte kòm esklav nan Sénégambie, ki jodi a divize an 2, peyi Sénégal ak Gambie. Se nan plantasyon nan peyi Jamaïque li t ap pase mizè, men pou kantite pwoblèm li te bay anglè yo, yo deside fè fransè yo kado l, kòm yon manje ranje ki pou vini ba yo tèt fè mal. Se te yon jeyan gason, ki te genyen yon vwa ki sonnen tankou loray. Lè l pale moun tande l. Deja fransè yo te mete l nan jaden kote pou l ap bat lòt esklav parèy li.
Seremoni oswa rasanbleman Bwa Kayiman an, se travay yon jeni, yon fanm ki te pote non Cécile Fatiman. Bon non li, se Cécile Attiman Coidavid. Papa l, se te pitit pitit Théodore de Neuhoff, yon wa Corse, yon pati nan la France. Li se gran sè Marie Louise Coidavid, madanm wa Henri Christophe. Li menm, li pral vini madanm prezidan Jean Louis Pierrot.
Fatiman pa t mennen yon vi prensès nan koloni a. Daprè Madanm Bayyinah Bello nan mikwo tele Ginen, papa l te vann li ansanm ak manman l kòm esklav. Nan kòmansman, li te esklav nan kay kolon. Kòm li pat bon nan fè manje ak travay nan kay, yo voye l nan jaden. An aprè yo pral voye l koupe bwa kote y ap fè wout.
Se pat yon rankont ki te fèt sou yon kout tèt, se te anpil planifikasyon. Pwojektè yo rete klere sou Bwa Kayiman men, Fatiman te planifye menm rankont sa a an menm tan, 12 kote diferan sou zile a, 9 nan pati ki rele Ayiti jodi a, 3 lòt bò fwontyè. Lide a te senp, pat genyen mwayen transpò e deplasman yo te kapab fè blan an sispèk yo.
Fatiman te chwazi lanwit 13 dawou a paske se te yon nwit kote lalin nan te plen. Esklav k ap vini yo pa t ap bezwen limen balèn pou klere chimen yo. Poutan, pandan seremoni an genyen gwo kout zeklè, loray ak lapli. Pou anpil istoryen sa fè pati de aspè mistik evenman an.
Sou dosye kochon an, esklav pat posede zannimo, anpil griyo rakonte ke se yon esklav ki te rele Jean- Baptiste Vixamar ki te ofri tèt li an sakrifis, ki pran yon kouto li fann venn li, ki te pèmèt patisipan yo jwen san pou yo te ka sèmante yo pap tounen nan chèn ankò e youn pap trayi lòt.
Pandan seremoni an, Dutty Bookman te fè ton priyè, men kisa ki te di:
Bon Dje ki fè latè. Ki fè solèy ki klere nou anwo. Bon Dje ki soulve lanmè. Ki fè gronde loray. Bon Dje nou ki gen zorèy pou tande. Ou ki kache nan nyaj. Kap gade nou kote ou ye la. Ou wè tout sa blan fè nou sibi. Dje Blan yo mande krim. Bon Dje ki nan nou an vle byen fè. Bon Dje nou an ki si bon, ki si jis, li odone vanjans. Se li kap kondui bra nou pou nou ranpote la viktwa. Se li kap ba nou asistans. Nou tout fèt pou nou jete potre dje Blan yo ki swaf dlo lan zye. Koute vwa la libète kap chante lan kè nou.
Lè rankont la fini, tout moun ale nan bitasyon pa yo oswa nan raje kote tonte kache avèk plan pou yo atake blan yo nan 8 jou…
#𝐈𝐦𝐦𝐢𝐠𝐫𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧: 🚨. Tweet sa se yon alèt li konsène moun ki sou Humanitarian Parole, ale gade nan I-94 ou te rale a, gade kilè parole ou ap fini, si li manke 6 mwa, ou vrèman konsène, ou dwe fè yon chwa rapid paske menm dat sa se li ki sou kat travay ou tou. Ann desann pi ba! Nou gen 2 chwa si nou vle kenbe travay nou daprè dat I-94 an pral espire a:
✔Si nou chwazi rete sou Humanitarian Parole , nou oblije fil fòm I-131 pou mande "re-parole" menm jan sa fèt pou Ikrenyen yo. Fok nou konnen sa nap fè wi paske se premye fwa ayisyen pral fil fom sa pou "re-parole", si nou bezwen èd kontakte @web509_llc .
A- Si nou chwazi fè l fok nou fè l 180 jou avan kidonk 6 mwa avan kat la espire se sa pwosès la mande epi toutotan ou pa gen resi "re-parole" apwouve ou pap kapab aplike pou yon kat travay. Dispozisyon sa yo valid depi premye Avril 2024 pou jous jodi a. Pou pri "re-parole" ak kat travay , ale la @web509_llc pou plis detay toujou.
✔Si tout fwa nou ta chwazi itilize estati TPS ou, ( moun ki te la avan dènye nouvo TPS la ) li enpòtan pou lòt kat nou pral genyen an fèt sou #TPS, note sa tou, nou dwe aplike 120 jou avan kat la espire pou evite reta nan tretman dosye yo ( gade kilè kat travay ou ap espire).
Lòt pwoblèm nou ka fè fas, pou nou pwouve nou elijib pou travay sou @EVerify , kat ki espire a kapab pa itil ak resi ekstansyon an lè nap fè @EVerify paske kat "parole" lan pa gen menm kategori ak resi TPS lan. (C11 Parole , A12 TPS).
B- Mwen sèlman atire atansyon nou pou evite ti pwoblèm nou kapab fè fas, paske depi kat travay ou espire oubyen ou pa gen okenn estati isi ou tonbe tout dwat nan ilegalite epi nou konnen konsekans lan.
(Ekzanp: Si I-94 ou fini epi ou pa "re-parole" epi ou pat aplike pou TPS, wap tonbe san estati).
Li toujou bon pou nou pataje jan de mesaj sa yo paske li omwens mete nou okouran sa ki kapab rive epi pran devan pou evite li.
#HHP
Laj 25 a 35 ans se yon veritab fleo. Wap fè fas ak paranw kap granmoun 💔,gwoup zanmi w kap redwi 😥, karyè w, sante w 🌿. Se faz touman, depresyon, reflechi anpil🙂↕️,wap kesyone pase w ak prezan w🤔…✍🏽🧠
Fòs ✊🏼 a nou 😔
Loran Gagòt di nou: Li pat viv Ayiti 5 lane anvan li vin Premye Minis. Li patap viv Ayiti, fanmi li patap viv Ayiti, se Miami ki lakay li. Ayiti pa lakay li.
Nou gran timoun, nou dwe konprann atitid pirat Loran Gagòt la.
Toutan dirijan pa wè #Ayiti kou lakay yo, y ap gagòte l.