@jamesrood04@LuckNews88 A l avenir si gen yon program parol anko, moun kap aplike a ap gen poul peye mil dola frè. Siw deja USA, yap renouvle yon program parol, wap peye mil dola frè pou sa.
#Immigration: Anba se yon lis avoka pro bono,sere l yon kote! Avoka sa yo mete tèt yo disponib pou ede moun ki pa ka peye epi reprezante yo gratis oubyen ak yon pri byen ba devan lajistis. Se pa sèlman nan zafè imigrasyon yo ede, yo ede nan lòt branch tou.
Men atansyon! Pandan yo la pou ede anpil ladan yo konekte ak òganizasyon, yo pa nan pèdi twòp tan tou ak yon dosye yo sispèk ki pap mennen okenn siksè sitou yo gen anpil demann.
Rezon sa mande kalkil yon fason pou w kòmanse dosye ou ak yon moun ki konnen tankou yon avoka, yon “legal representative” oubyen yon moun ki konnen oubyen setifye nan prepare dokiman...
Si tout fwa “written statement” ou an fèt tèt anba ,chaje konsistans ak enkoyerans yo ka pa pran chans ede ou. Si evidans ou yo pa kanpe sou anyen, dokiman ou yo pa sanble nòmal, pa gen okenn lojik nan tout sa wap di yo ki sanble chita sou manti sèlman ou pap jwenn yo vanse ak ou.
Se vre nou dakò, yon gwo ensidan kapab rive ou ki te kapab koute lavi ou, se vre gen moun ki kite zòn yo poutèt vyolans ak yon Pòtoprens ki kontwole pa 80% gang men , se verite anpil moun pa ka tounen lakay yo sou risk yo ka ale pote komisyon pou Sen Pyè men esplike sa ki te rive ou an lojikman mande espètiz ak bon sans. (5W).
Wi, gen vyolans, gen anpil krim rezon ki fè ou kite Ayiti epi ou pa anvi tounen ankò men banm di w jiskaprezan vyolans gang pa antre anba youn nan 5 grounds sa yo pou kont li ( Ras, Nasyonalite, Relijyon, Gwoup sosyal ak Opinyon politik), chèche wè avoka w tande frè m!
Gen plis detay toujou, si w poko mete imèl ou la fè l koulye a, gen detay dèyè toujou 👉👉https://t.co/H7XUpKAAuP
👉https://t.co/fmItuuEtU9
#Immigration: Jodi a nou rete ekzakteman 1,571 èd tan pou nou tonbe nan yon lòt administrasyon ki pral vini ak prensip li nan zafè imigrasyon ak tout 2 chanm palman nan bouda pòch li, poutèt rezon sa yo, tout sa nou genyen pou nou fè, fè li.
@dennly109 Bonjour ! Kesyon mwen an pa gen rapò ak post sa men li enpòtan pou mwen. Mwen gen yon timoun 9 an ki rantre nan program imanitè a, gen moun ki dim fom fill carte securite sociale pou li, gen lot ki dim m pa bezwen sa. M bezwen konnen ki sa poum fè. Merci