Promotion - Musique - Culture - Santé - Politique - Sport - Technologie - Photographie etc. Vous ne serez pas en manque de ces informations. Sans Trucage 🌍
Byen bonè nan maten nèg ak z@m yo pa rive idantifye kidnape 2 elèv lekòl ak chofè yo e menm pote ale machin yo te ye a, jodi 9 septanm nan, pandan yo pral lekòl, nan Dèlma 75, tou prè makèt Arly. Youn lekòl Collège Marie-Anne, lòt la Collège Saint-Louis de Bourdon.
#news#haiti
Gwoup gang Kokorat San Ras kidnape mèt Caleb Jean-Baptiste, Stéphanie Paultre ki se direktris ONAPE ak 2 polisye nan zòn Gwo Mòn depatman Latibonit. Pou kounya pa gen okenn enfòmasyon ki disponib sou sitiyasyon viktim yo. Kidnapin nan kontinye ap pran jarèt nan peyi anba je leta.
PNH mete avi rechèch dèyè tiktokèz Nice B, aprè difizyon yon videyo ki viral sou rezo sosyo ki montre l ap r@che ak manchèt yon demwazèl, 5 septanm 2026 la. Nan videyo a li te akonpanye ak Tèt Kale chèf gang 400 Mawozo. Entènot yo mande mete kriminèl la anba kòd prese prese.
Chèn nan pye, 2 bra minote, se konsa depòtasyon 78 ayisyen te fèt, sòti Etazini pou antre ann Ayiti, jedi 3 septanm 2026 la. Se twazyèm vòl administrasyon Trump la anrejistre nan kad depòtasyon masif y ap mennen kont imigran ayisyen yo depi aprè yo deside mete fen ak TPS la.
Nan antèman 5 pami moun bandi te asasine nan masak ki te fèt Kenskoff 23 dawou la, kèk manb nan popilasyon maspinen, vannen ak chaplèt epi kraze materyèl plizyè jounalis, 2 septanm 2026 la, Odelyn Joseph, Clarens Sifroy se 2 pami jounalis ki sibi vyolans nan kad travay yo. #news
Ann reviv ann imaj dènye jounen festival fotografi, ki batize sou non IMAYITI Festi Foto ki reyalize pa Kolektif Fotograf Ayisyen (KFA), nan Petyonvil, 24 dawout 2026 la.
foto : Dor Photography Studio
Bandi Viv Ansanm atake komin Kenskòf yon lòt fwa ankò, yon sitiyasyon ki lakòz plizyè moun pèdi lavi yo, ayèswa, 23 dawout 2026 la. Kriminèl yo mete dife nan plizyè kay nan komin nan. Nan plizyè lokalite, popilasyon an oblije kite kay yo pou evite viktim anba men gang yo.
https://t.co/avHQg2h0fE
Ann reviv an imaj 10èm edisyon Haïti en Louange, yon aktivite Holysongs Ministries te reyalize nan lakou Henfrasa, ki chita nan Dèlma 33, ayè dimanch 9 dawout 2026 la.
Se te yon moman ki te chaje ak enèji ak emosyon, kote plizyè milye moun te fè
deplasman pou bay aktivite a tout dimansyon li.
Pami pèsonalite ki te prezan yo, te gen pastè Muscadin, pastè Delly Benson, ki se inisyatè Haïti en Louange, Julien Janvier, pastè Gary Saint-Hubert, Cassandra Guillaume ak Sè Anite Pierre, pou site sa yo sèlman.