Pou yon moun fè yon mizik,epil di
“Tout benediction m yo mèt tonbe sou ou” épi nou panse pale anpil ap change kèl😱😱😱😱😱😱adje tout benediction pal yo wi li kòmande pou sè Giyom wi,antouka mizik spiritual tande
@idc_sp@LynnGedeon@BackstageHT@rutshelle Èn sa ou genyen kont atis la ap fè w soufri anpil wi. Menm konprann se sa w genyen ou bay wi. Kontinye krache venen an, bat pou li pa toufe w sèlman. Bòn chans!!
Se twòp tenten yo tande sou entènèt la sou atis la ki fè yo panse yo konnen li, yo finn tounen jako repèt. Wa di se yon moun ki te leve andedan lakay yo. Yo pap fè rezèv, yo pap pran okenn rekil pou yo fòje pwòp opinyon yo de yon moun epi yo santi yo gen dwa rantre tout longè nan pèsonalite moun lan. Kite se te yo yo tap bully chak jou konsa, w tap tande koze. Genyen m wè kap pale la menm tèt yo yo tap gentan fè mal. Si Rutshelle pa gen gras Bondye sou li ak yon mantal fò, Ayisyen te ka fè l al pann tèt li tèlman yo pran plezi pou m pa di yo rejwi nan anmède li, nan "bully" li chak minit yo genyen sou tout paj rezo sosyo ofisyèl li yo. Depi 2015 jis kounia. Nou dyab anpil anpil. Se pa san rezon Ayiti etal ye paske kè nou pa pwòp, nou mechan e nou pa janm pran okenn konsyans de eta nou.
@idc_sp@LynnGedeon@BackstageHT@rutshelle E sou paj ou m ye moun lespri!! Se soumoun ak sanwont pou nou kite. Moun pa konn sa nap regle ak lavi nou men nou cho nan opine sou chwa moun fè ak lavi a yo
@rutshelle se sèl atis peyi a,ki pa kache nou anyen, nou kon lè li marye, nou kon lè li divose, nou kon lè li damou , nou kon lè kè li brize.
Viv la vi ou atis! Fè sak fè kè ou kontan!
@WadeAnd193 Epi se lòt la ki kouri al fè Space???🤷♀️🤷♀️🤷♀️
Dam sa toujou ap fè ti twit pasipala paske l gen ajenda "move pèsepsyon" l anmach pou atis zanj li yo epi jou lòt atis la resi reyaji sou youn nan twit li yo li te gentan remen zen?
Mwen mande Bondye chak jou Pou l mete m bò kote moun ki konprann benediksyon yon lòt pa retire pa yo.
Moun ki ka ri ak mwen san jalouzi, selebre avè m san ipokrizi, epi priye pou m monte pi wo toujou.
Youn nan pi gwo feblès kilti pa nou an, se jan nou konn reyaji ak kè kontan lòt moun.
Lè yon moun ap soufri, li jwenn anpil sipò.
Men depi lavi l kòmanse souri, depi li jwenn lapè, depi li reyisi, depi li pa nan menm mizè a ankò, gen twòp moun ki kòmanse chèche defo, envante istwa, minimize efò li, oswa tann jou l ap tonbe.
@Christophe43423@julneste448@rutshelle@stephaniedouyon Se rat mòde soufle yo ye, yon bann ipokrit kap fe ti twit "inosan" pou kontinye kanpay move pèsepsyon an pou atis yo ka manyen sou pwojektè paske limyè RG anpeche moun wè yo